ACTUALITESEDUCATIONSANTE

Omaj pandan Mis Anestine Salvant (Mis Nès) vivan

Gen moun ki pase sou tè a tankou yon van ki frape yon fèy, epi gen lòt ki pase tankou yon kouran dlo ki fouye wòch yo tou dousman, men byen fon, pou trase bèl chimen. Mis Anestine Salvant, ke tout moun Wanament konnen sou non Mis Nès, fè pati moun sa yo ki kite tras limyè nan kè moun tout kote yo pase. Nan chak timoun li ede vin sou tè a, chak fanm li soulaje, chak pansman, chak fanmi, chak sipò, chak pawòl li bay ak tandrès, li t ap konstwi yon chimen memwa ki depase lavi endividyèl li.

Istwa li pa sèlman istwa yon Mis; se istwa yon rasin ki vin tounen yon gwo pye Mapou, yon ti flanm ki vin tounen pi gwo dife lamedsin nan Wanament, yon fanm ki vin yon senbòl mouvman, solidarite, limyè ak enèji. Tèks sa a antre nan lavi yon fanm 93 lane ki ap viv Wanament, e ki pap kite eritaj nan bijou, nan gwo kòf, nan lò ak dyaman, ni nan anpil tè, gwo kay, bèl mèb, men nan yon men majik, nan je, ak nan timoun ak granmoun li ede respire pafen lavi a. Yon lavi ki gen pou kontinye egziste nan reyalizasyon ak pasyon tout lòt moun li enspire yo.

Yon fanm devwe, yon poto mitan, yon manman pou tout yon kominote

Mis Nès, se yon fanm k ap viv ak yon misyon sakre. Li fèt 10 Janvye 1932, nan Vil Opèch, nan yon fanmi kote valè, respè ak lanmou se te poto mitan lavi yo.

Anestine se pitit Dèfen Ducatel Salvant (ki te pran nesans nan lane 1900), pitit pitit Dèfen Lysias Salvant (1881), yon nonm ki te soti Otrou. Lysias li menm, se pitit Suffren Salvant ak Marie Victor. Pami kèk nan pitit Suffren yo, nou te genyen : Linus, Leonzac, Lysias, Levizac, Lucie, Lorena, Idalia, pou n site non sila yo sèlman.

Lysias te fè non Salvant an tounen yon gwo pye Mapou ki te fè anpil branch: Jérémie, Sèm, Clovis, Gabriel, Étienne, Saül, Ducatel, Augustin, Balcide, Louisa, Denise, Véronne, Ilsia, Yris, Levi, ak Nathan Salvant.

Nan mitan tout gwo chabrak Dèfen Lysias yo, Ducatel Salvant se te youn nan sa ki te pote flanbo fanmi an pi lwen.

Ducatel Salvant ak madanm li Marilia Souverain te gen sèt (7) timoun: Sirilia Salvant, Dr Alexandre Salvant, Miss Anestine Salvant (Mme Turgeaud Henry Prophete), Aluce Salvant (Mme Riva Jean Pierre), Arlette Salvant (Mme Mirbel Abellard), Luce Salvant (Mme Auguste Silvain), ak Lucie Salvant (Mme Edius Louis).

Yo tout te fèt ak sipò epi men sakre yon Mis ki te gen bon renome nan Opèch, Tann Nini, ki te abite sou gran ri a, tou pre Legliz Katolik la. Tann Nini se te yon fanm devwe, pasyan, ak respektab, ki te sèvi kominote Opèch la ak tout kè li. Phenicie Felix (Man Koko), ki se manman Marilia, sa vle di grann Mis Nès, te toujou prezan pou ede pran swen timoun yo.

Apre premye kominyon Anestine, nan lane 1944, fanmi an te kite Opèch ansanm ak tout timoun yo pou yo vini tabli yo Wanament, kote lavi Mis Nès te pral pran yon lòt direksyon.

Manman Mis Nès, Marilia Souverain

Man Ducatel, ki gen pou non Jenn fi li Marilia Souverain, se rasin Mapou ki te nouri anpil gwo branch Mapou fanmi an. Fanm sa a te gen yon kè ki pi laj pase syèl la, e ki pi fò pase gwo wòch sakre yo ki chita nan sit kiltirèl DIMIKALEN Opèch. Li pa t kapab wè pwòp ti san ki soti nan san li ap soufri, e se konsa, chak fwa lavi mande plis pase sa li genyen, li te toujou bay plis.

Lè li te deside kite Nava, pou li ale viv Wanament, se pa sèlman yon vwayaj li te fè, men yon misyon. Li te pran anba zèl li, 3 pitit fi sè li, Man Ve (Mme Elveus Jean Baptiste, ki te gen pou non jèn fi li, Elmancine Justin), ki te mouri: Mariette (Mme Meus Valcourt), Myrtha ak Phonise Jean-Baptiste (Mme Pachou Sainvil). Li te bay yo lanmou, ak direksyon. Pou li, fanmi se te yon kesyon kè, devouman, ak responsabilite. Fanmi Souverain, Salvant, Felix, Jean-Baptiste, Lamour, Bruno (Dèfen Zo Bruno pat janm lage moun Salvant Wanament yo) nan Gran Basen, se menm zo pwason ki kraze nan bouyon Nodès peyi a.

Kay Man Ducatel te tankou yon lekòl lavi, yon espas kote timoun aprann rèspekte moun, travay, epi renmen youn lòt. Se la Mis Nès te aprann pi gwo leson nan lavi li: sèvi san konte, bay san l pa tann anyen an retou, epi kenbe diyitel menm lè lavi a ap teste l. Se nan atmosfè lanmou, solidarite ak disiplin sa a Mis Nès te grandi, fanm ki te pral pote flanbo manman li pi lwen toujou.

Pye Mapou Salvan an: 7 gwo rasin, 190 Branch

Fanmi Ducatel Salvant ak Marilia Souverain se tankou yon gwo pye Mapou ki plante rasin li nan Bitasyon yo Nava, yon lokalite nan Opèch, ak Otrou, ki bwaze Wanament, Dondon, Sen Rafayèl, epi ki louvri tout bèl branch li pou lonje lonbraj li rive Pòtoprens, Okap, Repiblik Dominikèn, Miami, Chikago, Nouyòk, Lwizyana, Monreyal, Otawa, Lafrans, Lafrik (Benin), ak pi lwen toujou. 7 timoun yo, Sirilia, Doktè Alexandre, Anestine (Mme Turgeaud), Alice (Mme Riva), Arlette (Mme Mirbel), Luce (Mme Auguste) ak Lucie (Mme Edius), se 7 poto mitan ki te kenbe fanmi an dwat, chak pote limyè pou lòt, chak leve yon branch ki vin bay lòt branch. Soti nan 7 gwo poto sa yo, pye Mapou a tounen yon veritab “Konstelasyon vivan”, ak plis pase 190 pitit, pitit pitit, neve, nyès, ak pitit pitit pitit ki kontinye grandi tankou flanm ki pa janm etenn.

Marilia Souverain, Man Ducatel, ale kite nou nan lane 1970. Sejan Ducatel li menm, li fè gran vwayaj li an nan lannwit ki te 31 Oktòb pou louvri 1e Novanm 1976. Tou 2 Mapou yo tonbe nan 2 pla men sakre Mis Nès, nan salon lakay li.

Nan chak non ki fè pati branch Mapou fanmi sa a, gen yon istwa: pwofesè, doktè, antreprenè, ajan sante, agwonòm, kontab, avoka, administratè, ekonomis, dantis, enjenyè, enfimyè, pastè, atis, èspòtif, antrenè, ekspè, jèn etidyan k ap prepare tèt yo, ak travayè ki pote lanmou ak diyite bay kominote yo. Tout moun sa yo, ansanm, se yon eritaj ki pa sèlman konte moun, men ki kenbe kalite, sitou eritaj travay, disiplin, solidarite ak lanmou. Jodi a, ak preske 2 santèn branch vivan ki gaye atravè monn nan, fanmi an ap kontinye fleri, kontinye grandi, kontinye klere tankou yon mozaik fòs ak diyite.

Mis Nès se poto mitan tout jenerasyon fanm vanyan ki pa t bezwen papye ak bik pou yo te ekri non yo nan listwa. Non li, jodi a, rete grave nan memwa tout moun li te soutni, tout timoun li te leve, tout bouch li te nouri.

Lavi Jèn Mis Nès

Nan jenès li, Mis Nès te yon fanm ki plen enèji, talan ak pasyon pou lavi. Li te patisipe anpil nan aktivite kominotè ak legliz. Bèl vwa li te vin tounen yon benediksyon pou koral Legliz Nòtredam Wanament, kote chante se te youn nan pi gwo plezi li.

Depi timoun nan Opèch, chak fwa klòch legliz katolik la te sonnen, li menm ak lòt timoun yo te konn prese pou ale nan repetisyon chan. Premye kote yo te rete nan vil Opèch, se te kay yon mesye yo te rele Nòd, li te yon Pastè. Apre kèk tan, fanmi an bati yon kay sou gran ri a, tou pre legliz la. Lè yo kite Opèch, manman li, Man Ducatel, te lwe kay sa a pou 15 goud.

Papa li, Ducatel, te voye li lekòl lakay Pè katolik Wanament yo (kote dòtwa Pè yo ye jounen jodi a). Se menm Pè yo ki te fonde lekòl la. Apre sa, li kontinye nan Lekòl Nasyonal la. Tou jenn, li te ale aprann metye koutiryèz “Haute Couture” lakay Mandan Bichère Philogène. Rejim Divalyeris la ak Lame te idantifye mari grandèt sila a, Ofisye Bichère, kòm “Kamoken”, epi li te tonbe ozalantou kazèn nan, ansanm ak Danglace Augustin, pitit dèfen Cahobert Augustin, nan dat ki te 23 Septanm 1963.

Anplis mizik, Mis Nès te yon Lejyonè “Légionnaire” nan legliz Katolik Wanament. Li te toujou pare pou sèvi: li te konn mache priye ak moun, vizite malad yo, bay lakominyon, ankouraje moun ak pawòl Bondye, epi pote ti sekou lè sa nesesè.

Malgre devouman li nan legliz, Mis Nès te renmen bèl moman sosyal yo. Li te konn danse, al nan bal nan Foyer du Soldat, yon espas kiltirèl papa li, Sèjan Ducatel Salvant, te responsab.

Nan tout sa li te fè, Mis Nès te toujou serye, respekte moun, epi fè travay li ak konsyans. Li te renmen aprann, li te kwè konesans pa gen laj. Lavi li se te yon balans ant devouman, kè kontan ak diyite.

Li te viv ak lanmou. Jounen jodi a li kite yon eritaj ki pale pou li: travay di, respè epi lajwa pou pataje ak lòt.

Maryaj Mis Nès, yon 26 Me 1976

Jou ki te 26 Me 1976 la, syèl la te klere tankou yon benediksyon lavi, Se jou Mis Nès t ap marye ak Turgeaud Henry Prophète. Yon inyon ki te senp, men chaje ak limyè. Apre selebrasyon Mariaj la nan legliz katolik Wanament la, epi siyati temwen ak manm fanmi li, klòch legliz la te pran chante san rete, pou akonpanye koup la sou chimen yo jiskaske yo rive nan kay lin demièl la, kote premye lannwit lanmou yo t ap tann yo an dousè ak anpil espwa.

Yon vokasyon ki fèt pou sèvi lavi

A 32 lane, Mis Nès te antre nan sa ki ta pral vin misyon lavi li: ede fanm pote lavi sou tè sakre a. Li te kòmanse fè akouchman nan Dispensaire Notre Dame de Fatima de Ouanaminthe, apre 8 obsèvasyon sou ka pratik avèk Sè Lucienne Berhman ki te montre li menm ak Mis Françoise Dalembert, teknik ak prensip akouchman ak presizyon, rigè epi lespri sèvis. Li te gen chans tou pou kolabore, nan karyè li, ak Sè Marie la Providence, epi Sè Elianne Roy. Mis Nès pa t sèlman akouche lavi; li te akouche konesans tou. Ak pasyans, dousè, ak presizyon, li te pase flanm metye a bay lòt gwo potorit fanm ki vin apre li, tankou Mis Gracimène, ki te pote limyè li ale pi lwen toujou nan milye riral yo an Ayiti.

Nan peryòd sa a, fanmi Salvant nan Otrou te toujou manifeste lanmou ak antouzyas pou timoun ki Wanament yo. Se konsa anpil nan yo te toujou deplase pou vin gade kijan sa te ye pou yo nan Wanament.

Nan epòk sa a tou, non Salvant an te fè yon gwo EKO nan Peyi a. Pami non sa yo, te gen Doktè Archile Salvant, Kouzen Sèjan Ducatel, pitit yon frè Lysias ki te rele Linus Salvant. An reyalite, mesye dam sa yo te anpil Patriyach ak Matriyach fanmi an, pami yo se te: Linus, Leonsac (Gran papa Atis Tines Salvant), Lysias, Levisac, Lucie, Lorena ak Idalia Salvant etc.

Sa vle di Archile se te gran kouzen Mis Nès, yon nonm ki te okipe plizyè gwo pòs responsablite nan administrasyon Leta a tankou Sekretè Deta Damyen, Minis Afè Sosyal nan lane 76 epi Minis Enteryè nan lane 78 ak 79 yo. Se te yon gwo zotobre ki te konn pase regilyèman Wanament pou vizite fanmi an, chita anba galri yo, ap sirote ti bwason, epi pran nouvèl tout Salvant yo. Lè “Archile” vini Wanament, tout moun toujou konnen. Yo te konn di: “Salvant yo gen moun toupatou, men yo toujou rete moun ki soude.”

Menm si Archile te gen Pòs ofisyèl, anpil pouvwa ak estati sosyal, li pa t janm gade fanmi l ba. Li te toujou tounen lakay li nan rasin li, pale ak moun yo, bay ti konsèy ansanm ak tout kalite sipò. Pwezans li te pote fyète, men tou, li te raple tout moun nan fanmi an ke respè ak diyite pa soti nan pòs, men nan jan ou sèvi tout lòt moun. Doktè Archile Salvant te toujou ankouraje tout ti fanmi pou ale lekol paske selon li menm, se pi bon chimen pou mobilite sosyal la.

Premye akouchman Mis Nès
Premye akouchman Mis la rete make nan memwa li tankou yon limyè ki pa janm ka etenn. Se te yon 15 avril 1966, yon jounen kote syèl la te klè tankou yon benediksyon selès. Fanm ki te sou ti la, se te Man Mèy, yon manman vanyan, ki plen kouraj ak lafwa.

Se premye fwa Mis Nès t ap dirije yon akouchman pou kont li, ak men ki t ap tranble, men ak kè li ki t ap priye. Lè bebe a rale premye souf li, yon kri dous kase silans lan. Se te premye jounen Mèt Jérôme Durosier sou tè sakre sa a.

Jodi a, Mèt Jérôme vin tounen youn nan pi gwo Pwofesè Syans nan Lekòl Wanament yo. Yon nonm ki fè karyè li ap sèvi ak menm disiplin, menm pasyon, epi menm lanmou pou tout moun, menm jan ak fanm ki te pote li sou tè a, epi Mis la ki te resevwa l nan men lavi.

Jerome, se te premye batman kè misyon Mis Nès, yon akouchman ki vin tounen yon eritaj.

Anpil jenerasyon pwofesyonèl Wanament ka temwaye bourad Mèt Jerome toujou ba yo nan prepare egzamen, nan gwoup travay, prepare konkou Fakilte Leta elatriye.

Yon fanm ki t ap sèvi ak kè li

Depi apre premye akouchman li te fè a, Mis Nès pa janm sispann sèvi kominote Wanament la. Pandan plizyè dizèn lane, li akouche plizyè jenerasyon fanm, nou pa ka konte konbyen santèn, ni nan Wanament, ni nan tout lokalite ki antoure li yo. Kit ou gen lajan, kit ou pa gen lajan, ou te ka vin akouche lakay li san pwoblèm. Moun

Li pa t janm gade mwayen moun, sa ki te toujou konte pou li, se te bezwen yo. Souvan, lè fanm yo vin akouche lakay li, li te konn ba yo manje, epi tou si yo pa pote “kichòy”, se li menm ankò ki te konn ba yo lajan pou yo ka achte manje pou ti bebe a.

Anpil fwa, Mis Nès te konn travay san pran souf, paske kominote a te konte sou li tankou yon bebe ki konte sou tete manman li pou manje. Gen fanm anset ki te konn vini lakay li sou branka. Lè malad yo pa t ka deplase ditou, Mis Nès te konn pran chimen lakay yo ak gwo flasch li nan men li, nan mitan lannwit, ak dèfen Waldeck. Chak fwa li te gen chans pase devan pòt Man Mirbel la, ou tande vwa li ki di: “Ba, m ale vizite yon malad tèl kote!”

Pandan epidemi Tifoyid ki t ap ravaje Wanament nan ane 1977–1978 yo, Mis Nès te youn nan moun ki te leve kanpe ak tout fòs li pou ede timoun ki te anba gwo lafyev la. Li te trete yo, ba yo swen, ba yo espwa, nan yon moman kote vil la te santi li frajil tankou ze fele epi Sant Sante a konn pat fonksyone a tan plen, selman 9è pou 2è.

Travay li te depase limit yon metye; li te tounen yon misyon. Yon misyon limyè, yon misyon lavi, yon misyon lanmou pou moun.

Pou Mis Nès, sèvis pa dwe gen pri; sèvis, se te Lanmou.

De pitit li yo, Moviana Mondesir, ki gen ti non Momo, ak Elsi Prophete (R.A.P), se temwayaj vivan lanmou sa, flanm dous k ap kontinye klere nan je jenerasyon kap vini yo. Nan chak pa Momo, nan chak reyalizasyon, gen yon tras Anestine: disiplin li, konpasyon li, ak jenewozite li ki pa t gen limit.

Mis Nès pa sèlman manman Moviana ak Elsi; li se manman tout lot sè li ak kouzin li yo, men tou, tout ti neve ak nyès yo ki t ap chèche limyè, ki bezwen yon men ki ka konsole yo.

Nan gwo pye Mapou fanmi Salvant yo, soti nan Sirilia ki ouvè chemen an, pase pran Alexandre, rive jouk nan, Aluce, Arlette, Luce, Lucie, Mariette, Myrtha, ak Phonise, rasin yo mare youn ak lòt tankou pyebwa ki trese nan sous ki anndan Bitasyon yo nan Nava, yon lokalite nan Opèch.

Fanmi an vin tankou yon jaden sakre: chak non, chak timoun, chak souri se yon flè k ap louvri anba lonbraj li.

Jodi a, pandan fanmi an ap grandi, ap gaye, ap fòme nouvo branch toupatou nan lemond antye, lanmou li kontinye sikile tankou dlo sous Bitasyon nou nan Nava kap desann pou tonbe nan rivyè Kòchon Gra epi Maryon. Tout enèji dlo sila yo finalman al blayi kò yo nan anbouchi vil istorik Fòlibète, akote gwo patrimwàn nasyonal nou an ki se Fò Sen Jozèf, kote, selon sa anpil gwo tonton istoryen deklare, Endepansans peyi Dayiti te premye pwoklame nan dat ki te 29 novanm 1803.

Lakay li te tankou yon Sant Sante, men plis toujou, se te lakay tout moun. Lè yon timoun blese, pran chòk, tonbe, oubyen bezwen premye swen, se lakay li yo premye vini. Li t ap bay pansman, piki penisilin, piki antitetanik, trete yo ak medikaman li te genyen nan ti famasi li, souvan san menm touche yon goud. Tout moun nan vil la te konnen sa : lakay Mis Nès se “Lakay manman lavi”, kote tout moun se pitit li.

Anndan lakay li, pandan toutan, te gen moun k ap fè rantre soti toupatou, Otwou, Gran Basen, Opèch, Okap, paske lakay li, se te kay fanmi, kay zanmi, kay moun ki nan nesesite.

Mis la pa t sèlman manman kominote a, men tou yon pitit fidèl pou pwòp manman li. Li te pran swen Man Ducatel jouk nan dènye souf li nan bra li. Menm lè lanmò frape pwòp zantray li, sis (6) frè ak sè li yo, li sipòte doulè sa yo ak anpil kouraj. Non sèlman majorite nan yo mouri nan men li, men tou, chak fwa, se li menm ki t ap mache devan tèt sèkèy yo, ak lo tristès li nan je li.

Travay ak devouman

Travay Mis Nès te depase limit Wanament. Nan lane 1980, li te ale pote kontribisyon li nan lopital Fòlibète a ki te fenk louvri, kote li te desann lakay kouzen bò kote fanmi manman li, Sonson Étienne, pandan plis pase 7 mwa. Premye akouchman li nan zòn nan, se te yon ti fi, ki vin tounen yon gwo Enfimyè, yon fason lanati reyaji pou enèji li yo kontinye viv nan jenerasyon li te ede pote sou tè a. Se prèv vivan tou ke enspirasyon li ap kontinye sèvi nan lòt men ki sakre yo.

Travay sa yo, ansanm ak pasyans, respè ak lanmou li te genyen pou moun, fè tout moun nan vil Wanament apresye Mis Nès kòm yon manman, yon poto mitan, yon egzanp vivan pou sèvis ak senplisite.

Dènye akouchman Mis la

Dènye fanm Mis Nès akouche se Rhode Dalembert. Jou sa a, yon 26 Septanm 2007, anba yon chalè byen dous, nan yon ti chanm kote van an t ap frape rido a, Mis Nès te resevwa nan de pla men li, yon ti gason yo rele Archange Jean-Baptiste. Non sa a te tèlman byen chwazi, li sonnen tankou yon siy : Archange, senbòl limyè, pwoteksyon, ak misyon. Se te senbòl yon kouwònman an dousè, yon dènye jès ki t ap sele yon karyè antye dedye ak sèvis, lanmou, ak konfyans.

Apre plizyè santèn akouchman, vwa timoun ki te premye kriye nan men li, Mis Nès te fèmen yon gwo chapit lavi li ak menm kè kal li te konn sèvi a pou louvri chak nouvo chapit lavi. Se te tankou yon vwa tou ba ki te vin di li: “Ou ka repoze kounye a. Travay ou fini, men limyè ou ap kontinye viv nan sa ou te pote sou tè a.”

Se konsa, ak nesans Archange Jean-Baptiste, istwa akouchman Mis Nès tounen yon sèk ki fèmen, pa ak tristès, men ak lapè, rekonesans, ak dousè. Yon fanm ki te sèvi lavi jouk nan dènye minit, epi kite dèyè li yon eritaj ki p ap janm fini.

Pandan tout karyè eksepsyonèl Mis la, plis pase 3500 akouchman ak tout lòt kalite sèvis ankò, , pa janm gen yon fanm ki pèdi lavi anba men majik Mis Nès. Men pa l, se  men ki pote limyè, se pa men ki kreye pou etenn souf. Chak akouchman te tankou yon rit limyè, yon dans ant souf ak silans, kote Mis la t ap gide lavi a pou li soti nan fènwa epi rantre nan limyè.

Sa pa te sèlman prèv konpetans li, men temwayaj vivan yon fòs ki anndan li, yon enèji ki konekte ak sa ki pi wo pase l yo, kote lanmou ak disiplin te tounen zouti kreyasyon lavi.

Mis Nès ak rèv “Wanament Bèl” la nan lane 2008-2009

Nan lane 2008–2009, lè kominote Wanament lan te pran desizyon mete tèt ansanm pou lanse gwo Pwojè “Wanament Bèl” la, yon inisyativ ki te vize betonnen 10 kilomèt ri nan vil la, Mis Nès pa t rete sou bèbè. A 76 lane, ak menm lespri devouman ki te toujou gide lavi li, li te pran wout Delegasyon Depatmantal Nodès la pou l al pote kontribisyon pa li, pa sèlman kòm yon sitwayèn, men kòm manman kominote a, yon poto mitan, yon vwa ki te toujou pote respè.

Jou sa a, li te rive kote Delege Depatmantal la, Hugo Charles, ak yon disiplin ak diyite ki make tout moun ki te prezan. Li te pote kontribisyon pa li pou soutni pwojè a, men li te pote plis pase sa: li te pote lespwa, li te pote enèji, li te montre ke Wanament merite chanjman, moun Wanament merite soti nan lapousyè a, epi gwo chanjman sa mande patisipasyon chak moun. Delegue a te sezi. Li te di devan tout temwen yo: “Se yon jou mwen pap janm bliye.”

Jou saa tou, Mis Nès pa t pote sèlman yon kontribisyon finansye, li te pote yon leson sou responsablite sivik, sou lanmou pou vil li, sou fason yon fanm ka leve yon kominote antye lè li kwè nan yon rèv.

Pwojè “Wanament Bel” la te tounen yon senbòl solidarite, yon mouvman kote rich, pòv, granmoun, jèn, legliz, lekòl, lopital, bank, ti machann, antreprenè, chofè, andikape, chomè, kontrebandye, fonksyonè, tout te mete men ansanm pou fè vil la mache pi dwat, pi pwòp, pi bèl. Kontribisyon Mis Nès te rete gravé nan memwa anpil moun tankou youn nan moman ki te montre kijan li te toujou pare pou sèvi, nan bon tan, tankou nan move tan.

Onè, respè ak rekonesans

Lavi ak travay Mis la pa t pase inapèsi. Kominote Wanament la rekonèt devouman li ak enpak li sou plizyè jenerasyon fanm ak gason nan Nòdès peyi a. Nan jou ki te 2 Jiyè 2014 la, a 82 zan, Mis la te resevwa yon plak “Onè ak Merit” nan men Rotary Club de Ouanaminthe. Ekrito yo te pati konsa: “Pour sa citoyenneté pendant plus de 30 ans, Ouanaminthe, Haiti”.

A 86 lane, Mis la te resevwa yon plak “Humanitarian Award” pandan gwo evènman “Babas Production of Herve Bastien / Grand Nord en Soirée, 28 Jiyè 2018” ki tap fèt nan Vil Miami, kote otorite ak sitwayen yo te leve kanpe pou salye trajè li, lanmou li, ak sèvis li pou kominote kote l soti a. Yon rekonpans byen merite pou yon fanm ki te chwazi sèvi san reklame okenn avantaj finansye. Kek lane apre, ekip ki rele Actions Communautaires des Ouanaminthais (ACO) a te temwaye respè ak admirasyon yo nan yon plak yo te remèt Mis la nan salon lakay li nan dat ki te 16 Dawou, 2024 la.

Dezyèm plak la, li travèse lanmè. Pawòl yo te grave konsa:
“Presented to Ms. Anestine Salvant for playing a significant role in delivering babies, providing wound care services, alleviating pain, and disease prevention in Ouanaminthe, Haiti.” Miami, Florida, July 28, 2018.

Nan pawòl sa yo, gen fyète, gen respè, gen djaspora a ki t ap di “mèsi” pou yon fanm ki te sèvi ak men sakre l yo san limit.

Denye plak la, si w pase devan li, ou tande vwa kominote Wanament lan k ap pale. Li soti nan kè “L’Équipe d’Actions Communautaires des Ouanaminthais (ACO)”, ki make an lèt majiskil:
“MISS ANESTINE SALVANT, SAGE-FEMME ÉMÉRITE. NOTRE GRATITUDE À SA GRATUITÉ: C’est avec une immense joie que nous célébrons aujourd’hui Anestine Salvant (affectueusement appelée Miss Nès). Un véritable trésor pour notre communauté de Ouanaminthe. Miss Nès a consacré plus de soixante ans à accompagner et soutenir des générations de mamans et leurs précieux nouveau-nés.

Cette plaque est un symbole de l’amour et de la passion qu’elle a assumés dans chacune de ses actions. Son dévouement inébranlable, sa bienveillance et son expertise ont été une lumière d’espoir pour tant de familles. Miss Nès a accueilli des milliers de vies, guidant chaque maman avec douceur et sagesse. Son travail a tissé un lien de confiance et de chaleur au sein de notre communauté. Elle est une source d’inspiration et son héritage inspirera les générations futures.

Cette plaque est une expression sincère de notre gratitude éternelle. Merci, Miss Nès, pour tout. Vous êtes une légende vivante, et votre présence parmi nous est un honneur. Avec admiration.” Ouanaminthe, le 16 Août 2024

De kote diferan, menm rekonesans: Youn soti nan tè a, kote li te fèt, aprann rale, epi mache pye atè, kote chat ti grenn wòch, chak ti priz tè te ka site non li. Lòt la soti lòtbò dlo, kote timoun li te akouche yo vin granmoun, pote non li nan bouch yo ak nan emosyon yo, epi fè li tounen yon patrimwàn pou limanite.

Se pa sèlman rekonesans, men yon seri powèm ki ekri an dyaman. Yo raple nou kijan Mis Nès te sèvi ak kè, ak men, ak fòs li pandan plis pase swasant (60) lane, epi kijan li te pote limyè, konsole, ak delivre plizyè jenerasyon manman ak tibebe. Chak mo sou plak yo sonnen tankou batman kè kominote Wanament la.

Plak yo pa t sèlman senbolize lonè, men tou yon temwayaj amitye ant yon fanm ak kominote li. Li montre kijan devouman Mis Nès tise konfyans, chalè, ak solidarite, tankou yon flè woz ki pa janm vle fennen. Se konsa memwa li ap kontinye, pa sèlman nan di pawòl, men nan metal ki pa wouye fasil, nan jenerasyon k ap leve ak lanmou, e nan kominote Wanament la kap toujou sonje: Mis Nès se te manman lavi.

Yon eritaj vivan

Travay ak lanmou Mis Nès transande tan. Lakay li se “Yon refij”: yon kote tout moun te toujou jwenn konsolasyon, lamanjay, konsèy, ak lanmou. Mis la se “Poto mitan” fanmi li. Li toujou prezan pou ede pitit frè ak sè li, zanmi ak kominote li, nenpòt lè pòt lakay li ta frape.

Jodi a, pandan n ap onore Mis Anestine Salvant, nou sonje yon fanm ki viv ak diyite, senplisite, epi lanmou. Yon fanm ki pa chèche lwanj, men ki te fè lwanj mache vin jwenn li.

Yon gran Frè Mis Nès, Doktè Alexandre Salvant, ki t ap pote menm kalite limyè a sou Wanament

Nan menm rasin fanmi sa a,  gran frè Mis Nès la, te pote menm limyè devouman ak sèvis la: Dr Alexandre Salvant. Li te fèt jou ki te 16 Desanm nan lane 1930 epi li pati kite nou nan jou ki te 14 Oktòb 2021 an. Nan ekrito ki sou dènye demè li, ou ka li konsa:

“Toute énergie et courant de vie émane de la source originelle et y retourne.” Hervé Mélianah Bijaoui

Tankou Mis la, Dr Alexandre te sèvi kominote a ak kè, ak disiplin, ak konpetans ki te depase tan an. Li te reprezante yon gwo pye Mapou byen solid pou sante timoun ak granmoun Wanament ak zòn ozalantou yo. Se te yon nonm ki t ap gade lavi ak menm respè sakre sè li genyen an.

Nan je kominote a, lè yo te wè Mis Nès ak Dòk Alexandre, se te 2 flanm nan menm dife Salvant yo : yo tou 2 pote lavi atravè swen akouchman, epi atravè lamedsin pou tout moun. Yo te tankou de men limyè Bondye te mete nan fanmi Salvant an pou pote soulajman kote te gen soufrans, ak espwa kote te gen ti dout. Travay yo, ansanm, fè non Salvant sa a tounen, pa sèlman yon non, men yon senbòl sèvis, konfyans, ak limyè nan tout kominote Wanament la.

Dòk Alexandre Salvant se te yon gason total ki te gen yon gwo sans devwa ak lanmou pwofon pou peyi li. Menm jan ak papa li, Sèjan Ducatel Salvant, li te sèvi ak diyite ak respè nan Lame Dayiti (FADH), kote li te mete konesans lamedsin li, disiplin li, ak onètete disponib pou sèvi kominote li ak peyi li.

Sèvis li pa t sèlman yon travay, men yon vokasyon, yon apèl pou sèvi lòt moun avèk kè ki sensè. Devouman li, ansanm ak respè li pou tout moun, fè li tounen, pa sèlman yon modèl nan fanmi an, men tou yon senbòl entegrite ak bon karaktè pou tout jenerasyon k ap vini yo.

Memwa li ap toujou rete vivan nan kè moun ki te gen chans konnen li, paske li kite dèyè yon eritaj ki chaje ak lanmou, edikasyon, sajès ak respè.

Chimen Mis Nès, Pasaj Limyè ak Asansyon Sosyal

Pakou Mis la pa te yon senp egzistans, men yon vwayaj kote li travèse anpil Pas Dlo, kote chak etap te reprezante yon pati nan yon Pelerinaj sakre, epi kite yon kanaval lwanj dèyè li. Soti nan Opèch, kote dlo ravin Nava ak Rivyè Marion te kòmanse koule, rive Wanament, kote li te fè rasin li boujonnen, Mis la te swiv yon chimen san fot, yon chimen moun ki sèvi lakay yo san yo pa fè bri. Nan kè mobilite sosyal sa a, li pa te chèche ni richès, ni prestij, men diyite ak itilite paske jan bagay la di a: “Depi w itil, wap vizib”.

Travay li kòm Mis te louvri pòt pou lòt fanm fè menm pasaj la: soti nan limit yo, rantre nan limyè pwòp kapasite yo. Se konsa, Mis Nès vin tounen pa sèlman yon non, men yon liy enèji ki kontinye sikile nan memwa tout moun nan kominote a. Li pase, men li pa disparèt; li fonn nan limyè, li rantre nan chimen sa ki pa janm sispann sèvi yo, moun ki, tankou dlo k ap koule lakay li Opèch, pote lavi, lave doulè, epi ranmase limyè pou lòt yo.

Nap fini tèks sila a ak yonn nan chante Mis Nès di ki make lavi Lejyonè li epi li renmen anpil. Chante sa pati konsa:
Si tu partages le pain que Dieu te donne,
Avec celui qui est ta propre chair,
Alors, de tes mains, pourra naître une source,
La source qui fait vivre la terre de demain,
La source qui fait vivre la terre de Dieu.
Paroles : Michel Scouarnec – Musique : Jo Akepsimas

Temwayaj zanmi ak fanmi.

Mis Nès, se yon poto mitan nan fanmi li ak nan kominote Wanament la. Mis Moviana Mondesir ST-Vil, pitit fi Mis la, rakonte kijan li te pran swen li depi li te gen 2 zan. Li te plis ke yon manman pou li, li aprann li tout valè lavi tankou lanmou, respè, ospitalite, ak premye swen medikal; se li menm ki te montre li kijan pou li priye, bay blag pou ede kenbe moral li wo, epi pran swen pitit li ak mari li. Kontab Michel Eric Joseph mete aksan sou jenewozite li ak kè kontan li pataje, pandan Kontab Jean Diderot Abellard pale de sajès li, devosyon li pou fanmi li, ak fason li te toujou la pou gide tout jenerasyon nan fanmi an ak kominote Wanament la. Agwonòm Henry Claude Desormes sonje li kòm yon limyè pou Wanament, yon fanm ki, malgre difikilte ak laj, te kontinye bay konsèy, pran swen moun, epi ede nan jinekoloji ak akouchman ak yon pasyans san parèy.

Ekonomis Maxo Cesar raple nou kijan li te toujou akeyi tout moun, san enterè pèsonèl, nan dispansè a, oswa lakay li; timoun malad, granmoun, ak tout fanmi te jwenn swen, menm lè yo pa t gen lajan. Pasteur Abdala Charles rekonèt li kòm yon manman pou tout kominote a, yon pwofesyonèl ki toujou mete lavi moun avan nenpòt lòt bagay. Mèt Veuillot Jean Pierre, Mèt Jean Harold Louis, ak Enjenyè Rommel Abellard pale de li kòm yon poto mitan, yon gid, yon manman, yon matant, yon konseye, epi yon moun ki te la nan tout etap lavi yo: nan lekòl, nan maryaj, nan lavi pitit yo, epi tout sa, toujou ak anpil lanmou.

Mèt Harry Louis, Mèt Selondié Abellard, ak Mèt Jérôme Durosier (premye akouchman li) mete aksan sou aksè li te bay a swen, premye èd, ak akouchman nan kominote a, menm lè li te bezwen deplase lwen. Li te toujou disponib, toujou pare, pou resevwa moun nan nenpòt lè. Madam Rhode Dalembert rakonte kijan li te akouche pitit li (Archange Jean-Baptiste, dènye akouchman li), jan li te trete li ak tandrès, sa te yon te bay Rhode yon lo kouraj ak sipò san parèy. Mis Marjorie Manigat, Doktè Stephen Noel, ak Agwonòm Juniorly Jean soulinye jan Mis Nès te yon “Manman lavi” pou anpil jenerasyon, pote premye swen, akouchman, konsèy, ak lanmou san kondisyon.

Ekonomis Lunel Elie, Doktè Jose Salvant, Doktè Jose Raphael, ak Doktè Jean Patrick Alfred fè konnen li se yon referans nan kominote a, yon modèl devouman, yon moun ki mete moun anvan lajan, epi ki te toujou pare pou ede nenpòt moun ki nan nesesite. Agwonòm Guesly Elie, Frè Jacques Valmyr Dabel, ak Maitre Verly Dabel mete aksan sou kalite li kòm fanm vanyan, yon moun ki renmen kominote li, ak yon referans moral ak espirityèl pou tout jenerasyon.

Mis Maguy Norvain, Doktè Christny Félix, ak ADM Martine François pale de li kòm yon fanm ki te ofri sèvis li san kondisyon, yon pedyat, yon jinekolog, yon manman ak yon grann pou kominote a. Li toujou bay san espere anyen an retou. Ekonomis Lucanier Pierre, Mèt Camille Surfin, ak Mèt Carl Henry Desravines sonje li kòm “Manman Kominote Wanament la”, toujou la pou timoun ki malad, akouchman difisil, oswa nenpòt bezwen fanmiy yo. Agwonòm Bernady Sainvil, Mèt Elisabeth Desgraviers (Dede), ak lòt ankò fè konnen Mis Nès te toujou yon referans pou kesyon devouman, konpasyon, ak sèvis kominotè.

Nan tout temwayaj sa yo, li klè ke Mis Nès pa t sèlman yon enfimyè; li te yon manman, yon matant, yon konseye, yon zanmi fidèl, yon modèl moral, yon limyè pou kominote a, epi yon moun ki viv pou sèvi lòt moun. Li te fè plis pase 3,500 akouchman, li te yon gid pou anpil jenerasyon nan lavi a, li te toujou mete moun anvan lajan, li te gen yon kè ki ouvè pou tout moun, ak yon sajès ak devouman ki te make tout moun li rankontre. Temwayaj sa yo, soti nan Mis Moviana Mondesir ST-Vil, Kontab Michel Eric Joseph, Agwonòm Henry Claude Desormes, Ekonomis Maxo Cesar, Pasteur Abdala Charles, Mèt Veuillot Jean Pierre, Mèt Jean Harold Louis, Enjenyè Rommel Abellard, Mis Marjorie Manigat, Doktè Stephen Noel, Doktè Guilene Alfred, ak anpil lòt, montre ke li te yon pilye, yon “manman lavi” ki make tout jenerasyon li te touche. Li se yon ekzanp ki enspire tout moun sou lanmou, devouman, ak sèvi san kondisyon.

Mis la, kominote Wanament la pote ou sou kè yo. Fanmi Salvant, Souverain, Felix, Lamour, Bruno, Jean-Baptiste, leve w byen wo menm jan Pèp Ayisyen leve Ewo Endepandans li yo. Ou enkane yon bon modèl konpasyon, sèvis, jenewozite, bonte ak imilite. Ou pa sèlman sèvi moun, ou sèvi lavi li menm, avèk men ki geri, ak kè ki konprann. Ou gen pou kite dèyè ou yon eritaj vivan: lanmou, sèvis, ak limyè, twa flanm ki pap janm etenn nan memwa moun ou te ede yo.


Mèsi, Mis Anestine, ou fè lavi pi bèl pou anpil nan nou, epi tras pye w ap kontinye gide nou sou wout limyè a.

Nòt sou Dokiman an

Moun ki ekri tèks la se : Abdel Abellard


Temwayaj ak istwa yo rasanble gras ak kontribisyon: Mis Anestine Salvant, Moviana Mondesir St-Vil (Pitit Mis Nès), Bernady Sainvil, ak Juniorly Phénicien Jean

Pou Revizyon ak validasyon :
Alex Salvant, Jean Diderot Abellard, Junior Phénicien Jean, ak Bernady Sainvil

Pou achiv fanmi Salvant an ak dokiman istorik yo se:
Max Salvant, Michel Eric Joseph, Darnel Abellard, Rommel Abellard, ak Hugo Charles

Dat: Novanm 2025

3,500 akouchman an se nan yon sèl kaye achiv. Genyen 2 lot kaye achiv ki genye plis toujou, ke nou poko rive konte.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button