ACTUALITESCOMMERCIALJUSTICESANTE

Nòdès di NON ak chicha pou timoun ak jèn

Otorite Leta nan depatman Nòdès  pibliye yon avi enpòtan pou fè popilasyon an konnen yo mete entèdiksyon fòmèl sou itilizasyon ak komès chicha pou timoun ak jèn. Avi sa a soti nan plizyè enstitisyon leta, tankou IBESR, Pakè Fòlibète, Tribinal Premyè Enstans Fòlibète, Delegasyon Depatmantal Nòdès, Direksyon Depatmantal MCI, Direksyon Depatmantal PHN Nòdès ak tout meri 14 komin depatman an. Desizyon sa a vize tout antrepriz komèsyal tankou restoran, bar, disko, boutik ak lòt biznis ki egziste nan depatman an.


Daprè avi sa, li vin estrikteman entèdi pou vann, lwe oswa mete chicha ak akseswa li yo a dispozisyon timoun ak adolesan. Menm jan an tou, okenn pwopriyetè oswa responsab etablisman pa gen dwa pèmèt minè yo konsome oswa manyen kalite materyèl sa yo. Entèdiksyon an konsène tou tout lòt sibstans ki kapab mete an danje sante fizik ak mantal timoun ak jèn yo.


Otorite yo fè konnen mezi sa a pran pou pwoteje timoun ak adolesan kont gwo risk sante ki gen pou wè  ak pratik chicha a. An menm tan, li antre nan kad efò Leta ap fè pou konbat delenkans jivenil epi ankouraje yon anviwònman ki pi an sekirite nan depatman Nòdès la, espesyalman nan espas piblik ak komèsyal yo.


Pou fini, avi sa avèti klèman nenpòt moun ki pa respekte entèdiksyon sa yo ap sibi sanksyon legal ak administratif lalwa prevwa pou sa. Otorite yo mande kolaborasyon tout sitwayen, pwopriyetè biznis ak aktè kominotè yo pou asire yon anviwònman ki sen, pwoteje ak sekirize pou tout timoun ak jèn.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button