ACTUALITESINTERNATIONALPOLITIQUESÉCURITÉ

Eske 6000 polisye ap rive retounen sekirite nan peyi Dayiti anfas 12000 bandi?

Nan yon odyans ki te fèt devan Komite Apwopriyasyon Sena ameriken an, anbasadè ameriken ann Ayiti, Henry Wooster, te voye yon alèt san filtè kote li fè konnen se yon lagè iben total k ap dewoule nan kapital peyi a. Devan senatè yo, Wooster te ekspoze yon reyalite chokan kote li fè konnen se 6,000 polisye ayisyen k ap eseye kenbe tèt ak plis pase 12,000 gang ame, pami yo 3,000 konsidere kòm gwo danje. Avèk yon bidjè 5 milyon dola ki sot vote nan kongrè a pou bay asistans ak Leta ayisyen kote Etazini ap eseye ranfòse yon eta ki gen yon lame ki te disparèt depi ane 1990 yo. Men, pi gwo chay la se sou zepòl 400 polisye ki fè vrè batay la, pandan gang yo kontwole prèske tout Pòtoprens.

Wooster te ensiste sou yon nosyon inik, daprè sa ki di sekirite ak ekonomi se marasa. Li te deklare, pandan l ap raple senatè yo ke 34% timoun ayisyen ap travay fòse, kèk nan yo nan men gang. Pou li, estabilite pa vle di sèlman anpeche leta tonbe, men tou anpeche yon lòt migrasyon ilegal an mas sou tè ameriken. Li te defann estrateji administrasyon Trump lan ki baze sou Fòs Sipresyon Gang, yon kowalisyon entènasyonal 5,500 manb ki dwe rive apati premye avril, men ki pral travay depi premye jou a pou l pote sipò l san ranplase polis nasyonal la.

Kontrèman, Austin Holmes, yon rezidan Florid ak ekspè sekirite, te pote yon lòt vizyon. Li te deklare ke san yon fòs 35,000 a 50,000 moun, pa gen espwa pou sekirite dirab. Li te denonse tou yon reyalite ki pi terib toujou kote gang yo ap itilize vyòl kominotè kòm zam pou kraze kèk zòn, ak 42 moun ki te asasinen nan mwa oktòb la sèlman, pami yo yonn nan ansyen kolaboratè li yo. Pandan Wooster te defann yon apwòch diplomatik, Holmes te mande pou gen yon patenarya piblik-prive ki pi efikas ak bon jan ladrès ka fòmasyon nan lide pou kite dèyè yon fòs ayisyen ki kapab kenbe tèt pou kont li.

Senatè Markwayne Mullin, ki te prezide odyans lan, pa t rate okazyon pou kritike elit politik ayisyen yo . Li fè konnen pi gwo andikap peyi Dayiti se koripsyon, ak yon absans eleksyon ki dire plis ke 10 zan. San chèf eli depi asasina Jovenel Moïse, Ayiti ak eseye siviv ak yon Premye Minis, Alix Dider Fils-Aimé, ki poko gen okenn lejitimite popilè. Mullin te mande ki jan yon peyi ka espere sekirite lè lidè li yo ap viv sou menas lanmò, chantaj, ak tantativ kòripsyon chak jou.

Alafen, odyans sa a mete 2 vizyon fas a fas, youn ki vle estabilite minimòm ak kontwòl fwontyè, yon lòt ki vle yon transfòmasyon radikal ak yon lame ayisyen reyabilite. Pandan tan sa 300,000 ayisyen ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè Etazini ap tann yon desizyon tribinal ki ka voye yo tounen. Yon kesyon rete antye èske 5 milyon dola ak kèk moun entènasyonal ka reveye yon eta ki mouri? Oswa èske Ayiti bezwen yon plan Marshall pou resisite l nan tonm li?

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button