
Nan dènye nimewo jounal ofisyèl Leta ayisyen Le Moniteur ki pibliye 26 dawou 2025 lan, gouvènman an nome yon nouvo komisyon minisipal pou jere vil Wanament :Jose Tidé pran tèt komisyon an kòm prezidan, ak de lòt manm ki se Hervé Pierre ak madam Adeline Joseph e nan Kap-Ayisyen: Angie Bell kòm prezidant, mesye Patrick Almonor ak Isaac Pierre Louis manb. Desizyon sa a vini aprè plizyè ane kote administrasyon lokal nan vil sa yo t ap vale tèren nan dezòd, kòripsyon ak movèz jesyon.
Depi kèk tan, 2 gwo vil nan sa yo, Wanament ak Kap-Ayisyen te vin gen yon sèl pwen komen ki fè wont tout peyi a: movèz jesyon, ensalibrite ak kòripsyon. Malgre kantite resous yo pote chak ane nan kès Leta, sitwayen yo te oblije viv nan salte ak yon vil an dezòd. Sitiyasyon sa se rezilta neglijans, mank vizyon ak yon kilti koripsyon ki t ap gangrène fonksyònman minisipalite sa yo.
Kap-Ayisyen, kòm dezyèm vil peyi a, ta dwe yon bijou istorik ak touristik. Avèk pò komèsyal epi ayewopò entènasyonal, vil sa gen tout avantaj pou l ta devlope si te gen vizyon pou sa. Men, malgre gwo potansyalite sa yo, movèz gouvènans ak kòriposyon lakoz li pèdi valè l. Olye vizitè yo dekouvri yon vil atiran, yo jwenn yon espas chaje ak fatra, wout kraze, pousyè ak move lodè dezagreyab k ap degaje. Yon gid touris nan vil la te fè remake: «Sa fè lapèn lè m wè yon vil ki chaje istwa ak anpil lòt bèl espas natirèl pou lwazi tounen yon senbòl dezòd».
Nan ka Wanament lan, kontradiksyon an pi gwo toujou. Vil fwontalyè sa a pote plis pase 220 milyon goud nan kès Leta chak mwa atravè ladwàn . Yon pousyè monnen nan montan sa t ap sifi pou amelyore sitiyasyon vil la. Se vre administrasyon ki pase yo pa t gen aksè ak lajan sa paske li monte dwat nan kès Leta santral. Men chire pit politik, zak kòripsyon ak enkapasite pou mete lòd nan zafè administrasyon komin lan. Rezilta yo pa t ka lòt ke yon vil dezòdone, kote fatra ak salte vin tounen mak fabrik li.
Nouvo desizyon gouvènman an, ki mete fen nan fonksyon pakèt dirijan initil ak ireponsab sa yo, pote yon soupi soulajman pou sitwayen yo. Nan Wanament, anpil moun deja ap salye mezi sa. Yon machann kap pwomennen machandiz li nan sant vil la deklare: «Nou bouke ak pawòl san aksyon. Fwa sa, nou vle wè rezilta, èspesyalman nan koze netwayaj ak bon jan sèvis piblik yo. Fòk retire moun k ap touche san fè anyen yo, sa t ap yon premye bon siy».
Men pwoblèm salte a pa sèlman yon kesyon imaj. Yo gen lòt konsekans grav sou sante piblik. Fatra ki pa byen jere vin tounen sous maladi tankou dyare, tipoyid, ak moustik k ap gaye maladi. Lopital yo deja pa gen ase kapasite pandan sitiyasyon sanitè popilasyon an kontinye ap dégrade.
Anplis, salte a ap touye potansyalite touristik vil sa yo ak sal imaj peyi a nan entènasyonal la. Lè vizitè yo debake nan Kap-Ayisyen pou wè Sitadèl la oswa lòt sit istorik, premye bagay yo rankontre se lari a ki chaje ak fatra. Wanament , kòm pòtay ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, prezante tèt li kòm yon espas dezòdone olye yon pwen estratejik pou komès. Sa limite kapasite peyi a pou atire envèstisman ak vizitè etranje.
Nouvo komisyon an, ki gen manda jiska pwochèn eleksyon yo (petèt), gen yon misyon lou sou zepòl yo kise divòse ak vye pratik sa yo, mete lòd nan netwayaj vil yo, epi tabli yon vizyon devlòpman nan transparans. Pou sitwayen yo, arete 20 dawou a make yon vire paj enpòtan, yon moman lafen pou dezòd komisyon ki te la a ak yon chans pou lespwa rekòmanse boujonnen.




