
Nan yon nòt ofisyèl ki pote dat premye Dawou 2025, Delege Depatmantal Nòdès la Dionel GERMAIM adrese a Majistra komin Fòlibète a, Louis-Jacques Etienne (Tibouki), pou li pase enstriksyon klè e fòmèl pou libere twotwa ak espas piblik yo kote yon latriye komèsan okipe ilegalman swa ak konstriksyon oswa lòt materyèl ki kreye obstak ak sikilasyon pyeton yo.
Nan papye tembre sa, delege a di li konstate ke plizyè espas piblik, espesyalman twotwa yo, vin entèdi pou pyeton yo, sa ki mete sekirite fizik sitwayen yo an danje. Sitiyasyon sa a konn lakoz blokis sikilasyon e menm aksidan. Yon sitiyasyon ki kontrè ak lalwa sou desantralizasyon 2006 ak kòd wout 1982 ki deklare klèman ke twotwa yo rezève pou pyeton sèlman.
Delege GERMAIN raple pou majistra a responsabilite legal li gen pou asire l espas sa yo rete lib epi sekirize. Nan sans sa, li mande majistra a pran bon jan mezi nesesè pou netwaye twotwa yo nan yon delè ki pa depas 72 èdtan (3 jou) apre li fin resevwa resevwa lèt la.
Sepandan, Mesye GERMAIN fè konnen li mete l disponib pou tout diskisyon oswa kowòdinasyon aksyon k ap ede nan aplikasyon desizyon sa a.
Suivan reyaksyon kèk sitwayen nan komin Fòlibète se p ap yon tach k ap fasil pou majistra a paske pi fò konstriksyon ak biznis ki okipe twotwa sa yo gen gwo bwa dèyè bannann yo e menm gen kèk rimè tou ki ta fè kwè gen nan komèsan sa yo ki te jwenn benediksyon majistra a pou enstale biznis yo swa sou twotwa oswa nan kèk espas piblik.
Nap raple desizyon sa tonbe nan menm mouvman ak lòt vil nan depatman an kote otorite yo ap lanse operasyon netwayaj pou mete plis lòd nan vil yo. Se yon demach ki vize proteje pyeton yo, mete disiplin, epi amelyore vizaj vil yo ak espas piblik yo.
