
Nan yon lèt ki pote dat 28 septanm 2025 lan, prezidan lakou dapèl Kap-Ayisyen an, majistra Garry Paul Angrand, fè konnen li resevwa plizyè menas lanmò sou rezo sosyal yo. Nan yon lèt li voye bay direktè depatmantal polis la, majistra a eksplike menas sa yo vini apre kèk moun ta akize l kòm youn nan moun ki te patisipe nan arèstasyon Pastè Joseph Moïse, ansanm ak kòm moun ki ta enplike nan asasina Mèt Albert Joseph kise mari matant madanm li.
Nan korespondans sa Majistra Angrand fè konnen li santi l oblije mete otorite lapolis yo okouran de sitiyasyon sa, pou ede l pwoteje tèt li kont atak oswa represay kèk move je ta vle fè kont li, kont fanmi l oswa byen li. Li ensiste pou di menas yo grav e yo rive nan yon moman peyi a ap viv yon gwo kriz ensekirite.
Li mande lapolis pran dispozisyon ki nesesè pou garanti pwoteksyon li menm ak pwòch li yo. « Mwen pran trè o serye menas sa yo e mwen konte sou atansyon ak pwoteksyon fòs de sekirite yo », daprè sa Majistra Angrand ekri nan lèt la.
Korespondans sa dwe rive jwenn plizyè lòt enstitisyon, tankou Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ), Tribinal de Pè Wanament, Pakè Tribinal Premye Enstans Fort-Liberté, ak Dwayen tribinal la tou. Demach majistra a montre montre klè nan ki nivo gen gwo enkyetid sou sekirite ak endepandans pouvwa jidisyè a nan peyi a.




