ACTUALITESINTERNATIONALJUSTICE

Yon timoun ayisyen nwaye nan mitan yon silans kriminèl, rasis ak diskriminasyon dominiken

Lanmò tragik Stephora Anne-Mircie Joseph, yon ti fi ayisyèn onz an, kontinye souke konsyans piblik la apre li te nwaye pandan yon joune lekòl te òganize nan yon vila ki gen pisin nan zòn «Gurabo», toupre Santiago, nan Repiblik Dominikèn. Sa ki ta dwe yon jounen selebrasyon pou elèv yo tounen yon doulè san fen pou yon fanmi ki jodi a ap goumen sèlman pou jwenn verite sou dènye moman lavi pitit fi yo.

Silans ki ap fèt sou sikonstans lanmò Stephora a ni bò kote lekòl la ni bò kote biwo pwokirè a pwovoke endiyasyon jeneral, espesyalman lè yo konsidere reyalite diskriminasyon ak rasis ayisyen yo sibi chak jou an Repiblik Dominikèn. Aprè prèske 2 semèn, manman timoun nan di li poko resevwa okenn rapò preliminè, okenn rezilta otopsi, okenn deklarasyon ofisyèl. Sa ki pi grav la, okenn eksplikasyon sou jan yon timoun onz an te ka mouri konsa anba je yon enstitisyon ki responsab sekirite li.

Fanmi an ak reprezantan legal yo akize lekòl la de neglijans egzajere epi yo akize sistèm jistisyè dominiken an de yon refi ak dwa alaverite. Selon avoka timoun nan, yon lòd otorite edikasyon dominikèn yo te pibliye an 2009 entèdi tout vwayaj lekòl nan pisin, lanmè, rivyè oswa nenpòt lòt kote ki gen dlo, aprè yon lòt trajedi menm jan an te rive. Malgre sa, lekòl sa ta otorize yon aktivite nan yon espas kote pa t gen sekouris ak ekipman sekirite, bon jan sipèvizyon adekwa ak pèsonèl medikal. Sa montre yon iresponsablite flagran, men tou yon mepri pou lavi ak sekirite timoun si sila yo ki gen nasyonalite ayisyen yo.

Pou agrave sitiyasyon an, otorite yo refize pataje anrejistreman videyo kamera sivèyans yo, yo refize bay rezilta ankèt la. Yo menm refize bay manman an yon minimòm enfòmasyon pou ede l konprann kijan pitit fi li te rann dènye souf li. Manman an, nan plizyè apèl piblik, di li p ap janm repoze jiskaske li wè imaj sa yo pou li konnen egzakteman sa ki te pase. Refize tout bagay sa yo vin ranfòse pèsepsyon ki ta vle fè kwè an Repiblik Dominikèn, lavi ayisyen pa gen menm valè ak lavi lòt timoun yo.

Anpil gwoup sosyete sivil yo, òganizasyon dwa moun yo ak anpil paran ayisyen tankou dominiken ap mande pou limyè fèt sou ka sa. Yo reklame responsablite total, pouswit kont moun ki te fè neglijans yo, epi revize tout pwosedi ki konsène joune ak pwomenad lekòl yo pou evite lòt timoun peye ak lavi li neglijans l, mechanste kèk move dirijan lekòl. Stephora pa t dwe mouri. Men pou koulye a sa ki  pi enpòtan toujou,  se jwen verite sou lanmò li paske verite a pa dwe mouri avèk li.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button