ACTUALITESINTERNATIONAL

Etazini: Lakou dapèl otorize administrasyon Trump lan koupe TPS pou Nikaragwa, Nepa ak Ondiras

Nan yon desizyon ki soulve gwo enkyetid nan kominote migran yo, yon panèl nan 9e sikui Lakou dapèl Etazini vote 3 kont 0 pou aksepte demand Ministè lajistis ameriken an ki te mande pou revoke yon desizyon ki te bloke retrè TPS (Temporary Protected Status) pou Nepal, Ondiras ak Nikaragwa. Desizyon sa pran mèkredi 20 dawout 2025, e li ouvè pasaj pou administrasyon Trump lan mete fen nan estati imanitè sa sitwayen peyi sa yo.

Nan sans sa, plis pase 60,000 migran ki soti nan twa peyi sa yo gen menas depòtasyon sou yo, pandan dosye a kontinye ap trete nan tribinal. Depi 31 jiyè 2025, depatman sekirite enteryè (DHS) te vle mete fen nan TPS pou gwoup sa yo, men te gen yon jij ki te mete yon entèdiksyon tanporè sou desizyon sa. Koulye a, ak vòt sa, entèdiksyon an leve, e DHS ka vanse ak plan li te genyen an.

Nap souliye Nepal te gen TPS depi plis pase 10 lane, pandan Ondiras ak Nikaragwa te deja benefisye pwoteksyon sa depi plis pase 26 ane. Desizyon sa mete migran sa yo nan yon sitiyasyon ensekirite, e louvri posiblite pou yo retounen nan peyi kote lavi yo ka an danje.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button