ACTUALITESPOLITIQUE

Finalman, Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la remèt pwojè nouvo konstitisyon an bay KPT ak gwo avètisman

Nan yon lèt ofisyèl ki pote siyati Enex Jean-Charles, prezidan Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la, KPT a resevwa yon avètisman sou danje k ap menase si li ta prese al mete sou pye yon nouvo konstitisyon pa mwayen referandòm dirèk. Malgre gen anpil moun ki dakò sou nesesite pou gen refòm, komite a fè konnen fòk sa fèt nan bon jan konsansis ak respè prensip demokratik yo.

Komite a mete aksan sou jan anpil sektè, sitou òganizasyon sosyete sivil yo, panse se yon asanble konstitiyan ki ta dwe mennen refleksyon yo sou yon nouvo tèks. Yo kwè yon inisyativ ki soti dirèkteman nan yon pouvwa egzekitif san konsiltasyon laj riske mete demokrasi a an danje e ka menm louvri pòt pou plis kriz politik nan peyi a.

Pami gwoup ki pa dakò ak mache prese sa yo, genyen ki menm panse konstitisyon 1987 la ta dwe amelyore olye elimine nèt. Yo estime ke peyi a pa pare pou antre nan yon lot chanjman fondamantal san kad legal ak teknik ki klè, sa ki ka lakoz plis dezòd olye solisyon.


Komite pilotaj la di li mete lespwa li nan Lespri gran Zansèt yo pou chak manm KPT a mete enterè peyi a an premye. Yo swete chak desizyon pran ak refleksyon, bon sans, ak sans responsablite istorik, paske moman sa mande plis vizyon ke aksyon san plan.

Anplis avètisman sa yo, komite a fè konnen li kontinye travay sou lòt aspè refòm yo. Yo deja mete sou pye de dokiman enpòtan: yon pwojè konstitisyon e yon rapò sou aktivite komite a, ki kapab sèvi kòm zouti oryantasyon nan pwojè sosyete nou vle konstwi a.

Nan fen lèt la, yo raple yo dispoze kolabore ak ni KPT a ni Gouvènman an pou bay tout enfòmasyon ak eksplikasyon ki nesesè. Men, yo klè: nenpòt refòm serye pa ka fèt nan prese, ni anba presyon politik.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button