
Jounen mèkredi 10 septanm 2025 lan, tout medya ameriken tèt anba aprè nouvèl lanmò Charlie Kirk, youn nan pi gwo figi politik ak enfliyansè nan mouvman MAGA (Make America Great Again). Gwo aktivis sa a, ki te jwe yon wòl kle pou mobilize jèn yo nan eleksyon Donald Trump lan, mouri ak bal pandan li t ap patisipe nan yon deba nan yon lekòl Etazini. Nouvèl sa frape tout sosyete a tankou yon kout loraj.
Charlie Kirk te gen sèlman 31 an. Li te papa 2 pitit, yon fanmi li kite dèyè nan doulè ak dezolasyon. Prezidan Donald Trump li menm ki konfime lanmò sa a, mete aksan sou wòl Kirk te jwe nan batay politik li ak nan mouvman MAGA a. Pou anpil jèn ameriken ki t ap swiv li, Kirk te vin tounen yon modèl angajman politik ak yon vwa fò nan diskisyon sou avni peyi a.
Anpil reyaksyon deja ap fèt nan peyi Etazini. Plizyè manm kongrè, lidè kominotè, ak sitwayen òdinè lanse apèl pou fini ak vyolans ak zam nan nan peyi a, ki sanble yon kriz ki pa gen fen.
Asasinay Charlie Kirk la soulve anpil kesyon sou sekirite ak pwoteksyon figi piblik yo ak responsablite otorite yo nan fas ak kriz vyolans ak zam. Lanmò sa ajoute sou plizyè lòt fè tout moun wè kijan pwoblèm vyolans lan depase liy politik ak ideyolojik.



