
Gouvènman federal Etazini an ap egzamine posibilite pou retire sitwayènte ameriken nan men ansyen majistra North Miami, Philippe Bien-Aimé, ki fèt ann Ayiti. Dapre dokiman jidisyè yo, depatman Lajistis lanse yon aksyon denatiralizasyon devan Tribinal Distri Etazini nan Miami 18 fevriye pase a. Demach sa a antre nan yon kanpay administrasyon Trump lan ap mennen pou revoke sitwayènte moun pwokirè federal yo akize de fwod imigrasyon.
Daprè dosye a, pwokirè yo soumèt plizyè dokiman kòm prèv, tankou sètifika maryaj, natiralizasyon, divòs, nesans, ansanm ak yon lòd depòtasyon ak aplikasyon pou sitwayènte. Yo idantifye Bien-Aimé tou anba non Jean Philippe Janvier. Se Jij distri a K. Michael Moore k ap prezide ka a. Plent lan, ki te revele piblikman pa medya lokal yo, pretann ke yon jij imigrasyon te bay lòd pou depòte ansyen majistra a an 2000 paske li te antre nan peyi Etazini ak yon fo paspò , men pa gen prèv ki montre li te kite peyi a.
Menm plent sa fè konnen li te jwenn sitwayènte atravè yon maryaj malgre li pa t kalifye pou sa. Kontakte nan telefòn, Bien-Aimé refize fè kòmantè epi li voye kesyon yo bay avoka imigrasyon li, Peterson St. Philippe. Nan yon deklarasyon pa imèl, avoka a di yo pito reponn akizasyon yo nan kad pwosesis jidisyè a olye nan diskisyon piblik, pandan li souliye ke ka a poko rezoud e pa gen okenn dezisyon final ki pran.
Akizasyon yo te sezi aktyèl majistra North Miami a, Alix Desulme, ki di administrasyon vil la pa t okouran de okenn lòt idantite oswa kesyon legal konsènan ansyen majistra a. Vil la gen yon gwo kominote imigran, sitou ayisyen, kote prèske mwatye popilasyon an fèt aletranje. Demach pou retire sitwayènte Bien-Aimé a fè pati yon politik pi laj administrasyon Trump la ki bay priyorite ak pouswit denatiralizasyon, jan yon memo depatman lajistis te presize an 2025. Istorikman, mezi sa yo te trè ra, ak sèlman kèk ka pa ane pandan plizyè deseni.
Sepandan, kèk analis politik ak legal soulve kesyon sou dosye a. Avoka elektoral C. Planas fè konnen plent lan louvri deba sou sa li rele «siblaj selektif» kont sèten gwoup, e li eksprime enkyetid sou yon posib diskriminasyon. Li note pou li di nòmalman pwosedi denatiralizasyon yo vize kriminèl vyolan, pa nesesèman moun ki akize de bay fo enfòmasyon pou rete Etazini. Pandan kesyon legal yo ap suiv nan tribinal, dosye sa a deja soulve gwo deba ak diskisyon sou imigrasyon, jistis ak politik piblik nan peyi a.



