Uncategorized

Prezidan ameriken an Donald Trump akize Xi Jinping, Kim Jong-un ak Vladimir Poutine pou konplo y ap fè kont Etazini

Nan yon deklarasyon ki mete anpil aktè politik sou sèn entènasyonal la sou pwent zòtèy yo, prezidan ameriken Donald Trump lanse yon gwo akizasyon kont twa lidè mondyal sa yo: Xi Jinping (Lachin), Kim Jong-un (Kore di Nò), ak Vladimir Poutine (Larisi). Daprè Trump, twa gran lidè sa yo ta rankontre nan Pekin nan objektif pou mete tèt ansanm pou fè konplo kont Etazini.

Trump deklare li gen prèv ak enfòmasyon solid ki montre lidè sa yo ap eseye diminye enfliyans Etazini sou plan entènasyonal la nan mete baryè ekonomik, epi destabilize pozisyon li kòm gwo pilye nan demokrasi mondyal. Deklarasyon sa a vini nan yon moman kote relasyon ant Etazini ak Lachin, Larisi ak Kore di Nò deja te deja gen bon distans ak fwadè.

Daprè Trump, rankont ki fèt Pekin an pa t inosan ditou. Li fè konnen se pa premye fwa li gen alèt sou konpòtman anti-ameriken lidè sa yo, e li raple pandan li te prezidan, li te mete sanksyon sevè sou chak peyi sa yo. Jodi a, li lanse yon apèl bay administrasyon aktyèl la pou yo pa pran bagay sa a ak lejète


Nan yon reyaksyon rapid, kèk analis entènasyonal mete an dout kredibilite deklarasyon Trump yo, pandan kèk lòt ap raple istwa Trump ak lidè sa yo chaje kontansye ak tansyon pandan manda li a. Menm si pa gen okenn konfimasyon ofisyèl sou rankont sa ak objektif li, nouvèl la deja lakoz enkyetid nan yon seri milye politik Etazini.

Pandan evènman sa yo ap dewoule, plizyè obsèvatè ap mande plis transparans ak verifikasyon endepandan sou sa Trump ap denonse yo. Si sa li di a ta konfime, sa ka louvri pòt sou yon lòt nivo konfwontasyon jeopolitik ant gwo pouvwa mondyal yo, e mete Etazini devan gwo defi diplomatik ak sekirite.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button