
Nan mitan pakèt gwo enkyetid enstabilite politik peyi a ap konnen , daprè enfòmasyon jounalis Roberson Alphonse pibliye sou kont X li, ta sanble Konsèy Prezidansyèl Tranzitwa (KPT) sou wout ap konsidere òganize yon eleksyon prezidansyèl sèlman, kòm pòt sòti avan manda yo fini 7 fevriye 2026. Otorite sa yo ta wè solisyon sa kòm yon fason pou asire gen yon moun ki eli pou pran tèt Leta a, malgre yo fè tout tan yo ap jwi yon pakèt privilèj san yo pa rive akonpli tout misyon yo.
Poutan misyon KPT a te klè kou dlo kokoye depi nan kòmansman: retabli sekirite sou tout teritwa a, fasilite òganizasyon yon referandòm pou chanje konstitisyon an, epi òganize eleksyon jeneral. Men, plis pase sèz (16) mwa apre yo fin enstale, rezilta yo poko vizib. Malgre apèl plizyè pou mande aksyon konkrèt, peyi a kontinye ap fè fas ak ensekirite, gang ame,kriz sosyal ak ekonomik.
Daprè enfòmasyon ki sòti ki flite nan lapwès, eleksyon prezidansyèl la pral pèmèt KPT remèt pouvwa a bay yon chèf Leta ki gen lejitimite, ki pral travay òganize referandòm ak eleksyon pou lòt pòs yo. Se yon mwayen, daprè yo, pou evite yon lòt vid nan piwo pouvwa Leta a aprè fevriye 2026.
Sepandan, anpil obsèvatè ap poze kesyon sou kredibilite ak efikasit yon eleksyon ki ta fèt san reyalizasyon lòt eleman kle yo, tankou sekirite ak refòm konstitisyonèl . Gen lòt k ap mande si eleksyon sa yo ka reyèlman pote yon kèlkonk chanjman oubyen l ap jis mete yon lòt figi sou tèt Leta pou menm sistèm lan kontinye fonksyone.
Pou kounye a, CPT poko ofisyèlman prezante plan sa bay gran piblik la, ni yo poko bay okenn detay sou kalandriye oswa fason eleksyon sa pral fèt. De tout fason apwòch fen Manda KPT a pou févriye 2026 la kite popilasyon an nan gwo enkyetid ak dout. Pandan tan ap pase, kondisyon lavi a vin pi difisil chak jou, gang ame yo kontinye kontwole tèritwa.



