ACTUALITESINTERNATIONALJUSTICE

Lajistis Repiblik Dominikèn mete anba kòd plizyè sispèk nan kad ankèt sou lanmò Stephora Anne-Mircie Joseph

Biwo pwokirè piblik Repiblik Dominikèn nan anonse arèstasyon kat anplwaye enstiti Leonardo Da Vinci kòm sispèk nan lanmò tragik Stephora Anne-Mircie Joseph, yon elèv 11 an ki te mouri 14 novanm nan yon pisin nan fèm Los Caballos, Gurabo, pandan yon pwomnad lekòl la te òganize. Daprè otorite yo, imaj videyo yo montre yon neglijans ekstrèm nan fason sipèvizyon timoun yo te fèt ak nan fason pwomnad la te planifye.

Otorite jidisyè yo presize ke lekòl la te soti ak 87 timoun nan pwomnad la, men se sèlman twa granmoun ki te rèsponsab pou sivèyans yo. Daprè yon kominike ofisyèl, pèsonn pa t respekte mezi sekirite yo, ni pwofondè pisin yo; timoun yo pa t gen jilè sovtaj, e paran yo pa t resevwa okenn demann pou verifye si pitit yo te konn naje. Selon Biwo Pwokirè a, eleman sa yo se prèv klè ki montre yon mankman grav nan prevansyon ak rèsponsablite enstitisyon an.

Arèstasyon yo konsène Yris del Carmen Reyes Adames, direktè administratif lekòl la; Gisela González, kowòdonatris jeneral ak konseye ekip jesyon an; Francisca Josefina Tavarez Vélez, konseye oryantasyon; ak Vilma Altagracia Vargas Morel, kowòdonatris nivo segondè a. Yo tout pral fè fas ak akizasyon omisid involontè  poutèt otorite yo estime aksyon yo ak inaksyon yo kontribye dirèkteman nan lanmò ti fi a.

Biwo pwokirè a mande pwofite pou Ministè Edikasyon al fè yon enspeksyon konjwen nan enstiti Leonardo Da Vinci a, ak objektif pou idantifye tout move pratik oswa pwosedi ki ta ka mete enterè timoun yo an danje. Daprè otorite yo, evènman sa a revele kèk feblès nan sistèm sivèyans ak jesyon aktivite ekstraskolè lekòl la.

Sou enstriksyon pwokirè peneral Repiblik la, Yeni Berenice Reynoso, se pwokirè adjwen Wilson Camacho ansanm ak pwokirè tribinal Olga Diná Llaverías, ki se rèsponsab direksyon jeneral pouswit ak direksyon nasyonal timoun, adolesan ak fanmi (Dinnaf) ki pral mennen ankèt la. Otorite yo pwomèt pou mennen ankèt la jouk rive bout li pou fikse rèsponsabilite tout moun ki konsène nan lanmò Stephora Anne-Mircie Joseph.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button