
Lame Dominikèn anonse yo te mete men sou yon machin ki t ap transpòte disèt (17) ayisyen ilegal, pandan yon operasyon kontwòl nan seksyon Cana Chapetón, nan pwovens Montekristi. Entèvansyon sa fèt sou baz enfòmasyon ki sòti nan sèvis entèlijans ki t ap ankete sou mouvman trafik ak kontrebann moun k ap fèt nan zòn nan.
Selon rapò ofisyèl la, operasyon an te fèt toupre Car Wash Licor y Terraza Drink Buenos Aires, kote sòlda Lame dominikèn nan (ERD), ki sòti nan kazèn Jeneral Benito Monción, te idantifye yon «SUV Hyundai Cantus» koulè blan ak plak G740764. Chofè a te abandone machin lan lè li remake prezans militè yo, epi sove san fòs lòd yo pa gentan rive arete l.
Sèvis entèlijans yo sispèk imigran yo t ap fè vwayaj sa gras ak yon rezo trafikan moun. Yo site non plizyè prezime kontrebandye ki ta gen rapò ak vwayaj ilegal sa, pami yo gen :Gaby, Mamo, ak Colón. Gwoup sa a, dapre otorite yo, gen koneksyon ak yon estrikti ki rele Asosyasyon Pueblo Nuevo de Mao ansanm ak kèk lòt delenkan ki deja gen non yo site nan dosye trafik ak kontrebann moun.
Kout filè sa a, daprè rèsponsab yo, antre nan yon seri operasyon Lame dominikèn ap mennen nan rejyon nòdwès la pou mete presyon epi bloke rezo ki enplike nan trafik moun ak kontrebann yo. Otorite yo fè konnen sitiyasyon imigrasyon iregilyè a pa sèlman kreye pwoblèm sekirite, men li alimante tou lòt mache ilegal ki pèmèt rezo kriminèl yo fè gwo lajan.
Pandan tan sa, machin nan ansanm ak disèt (17) imigran ayisyen yo te imedyatman transfere nan katye jeneral katriyèm Brigad Enfantri (ERD) a, kote yo mete yo disponib pou tout pwosedi legal ki dwe fèt nan ka sa. An menm tan, otorite yo fè konnen rechèch yo ap rapouswiv pou jwenn chofè a ak lòt moun yo idantifye kòm aktè nan rezo sa a.



