
Pou piti 25 sòlda gad nasyonal meksiken pèdi lavi yo nan sis atak separe nan eta Jalisco aprelè asasina Nemesio Rubén Oseguera Cervantes, lidè katèl Jalisco New Generation Cartel, ke yo te konnen sou tinon «El Mencho». Sekretè Sekirite Meksik la, Omar García Harfuch, konfime nouvèl la lendi, pandan vyolans te gaye nan plizyè rejyon nan peyi a. Oseguera te mouri aprè yon echanj kout zam ak lame Meksiken an pandan yo t ap eseye arete li nan eta Jalisco kote li te fèt.
«El Mencho» te konsidere kòm youn nan pi gwo trafikè fentanyl, metamfetamin ak kokayin nan mond lan, sitou nan mache ameriken an. Lanmò li pwovoke yon reyaksyon vyolan bò kote manm katèl la ki te bloke plis pase 250 wout nan anviwon 20 eta, mete dife nan machin epi atake fòs lòd yo. Otorite yo rapòte tou lanmò yon gad prizon, yon ajan nan biwo pwokirè leta a ak yon fanm sivil. Anplis 25 sòlda yo, anviwon 30 sispèk kriminèl ta mouri nan Jalisco ak kat lòt nan Michoacán.
Sitiyasyon an fòse plizyè eta anile aktivite lekòl, pandan otorite lokal ak etranje mande sitwayen yo rete lakay yo. Nan vil Guadalajara, lavi te prèske paralize dimanch lan. Plis pase 1,000 moun te pase nwit yo bloke nan yon zòn pou rezon sekirite, anba pwoteksyon lapolis. Ayewopò entènasyonal la te opere ak pèsonèl limite, tandiske anbasad amerikelèn lan nan Meksik te konseye sitwayen li yo pran prekosyon e rete anndan kay yo.
Prezidan Meksik la, Claudia Sheinbaum, lanse yon apèl pou kalm epi anonse ke blokaj yo te retire progresivman. Mezon Blanch konfime ke Etazini te bay sipò entèlijans nan operasyon an, pandan administrasyon Donald Trump te felisite lame Meksikèn lan pou operasyon an. Depatman Deta Ameriken an te deja mete yon rekonpans 15 milyon dola sou tèt «El Mencho», pandan Washington t ap ogmante presyon sou Meksik pou konbat trafik fentanyl la.
Analis yo kwè lanmò lidè katèl la kapab yon viktwa estratejik pou gouvènman Meksiken an sou plan diplomatik, men li kapab tou louvri pòt pou plis vyolans pandan gwoup rival yo ap chèche pran kontwòl teritwa chèf ki mouri a. Depi li rive sou pouvwa a, Sheinbaum adopte yon apwòch plis konfwontasyonèl kont katèl yo, malgre kritik sou estrateji ki konn elimine chèf gang yo men ki souvan lakòz divizyon ak ogmantasyon vyolans. Peyi a kounye a ap tann pou wè si operasyon sa a ap mennen nan estabilite oswa si li pral make kòmansman yon nouvo faz sanglan nan lagè kont dwòg la.



