ACTUALITESJUSTICEPOLITIQUE

Liberasyon Nenel Cassy, komisè gouvènman Pòtoprens lan Frantz Monclair  revoke e ranplase san pèdi tan

Komisè pakè Pòtoprens lan, Frantz Monclair jwenn revokasyon l jodi mèkredi 20 dawou 2025 lan pou fot administrativ grav, se yon konsekans dirèk  ki vini aprè èskandal liberasyon ansyen senatè Nenel Cassy. Se komisè pakè kwadèboukè a Mèt Guy Alexis ki ranplase l nan pòs la. Mezi sa ki vize mete yon ti koyerans nan jere kèk dosye sansib epi kalme patnè entènasyonal yo ki te trè an kolè aprè liberasyon sa.

Pandan tan sa, yon gwo kout van kontwovès ap soufle sou sistèm jidisyè ayisyen an aprè liberasyon sipriz ansyen senatè Nenel Cassy DCPJ te arete pou sispisyon koneksyon li ak gang ak kòripsyon. Malgre peyi Etazini te deja mete sanksyon sou li pou menm rezon sa yo, komisè gouvènman Pòtoprens lan, Frantz Monclair, te bay lòd pou lage l, yon aksyon ki ale nan sans kontrè ak sa ministè lajistis te deja mete sou papye.

Nan yon dokiman minis jistis la, Patrick Pélissier te siyen nan mwa jiyè 2025 lan, li te klèman di tout moun yo depòte soti Etazini pou zak kriminèl dwe jije an Ayiti. Objektif la se te pou mete plis entegrite nan Leta epi voye yon mesaj kont enpinite. Men liberasyon Cassy san okenn swivi legal montre gouvènman an pase sou kote objektif  sa e ansyen senatè a resevwa yon trètman èspesyal malgre direktiv ministè lajistis te deja bay.

Plizyè sous fè konnen desizyon mete toutouni yon divizyon grav ant parkè Pòtoprens ak Ministè Lajistis la. Liberasyon Nenel Cassy ki fèt an kontradiksyon avèk direktiv ministè a lèse kwè  gen politisyen ki toujou kontinye jwi pwoteksyon enfòmèl nan lajistis kelkeswa zak malonèt yo ta komèt, sa ki febli otorite Leta epi kraze konfyans pèp la nan sistèm jidisyè a.

Antouka revokasyon komisè Frantz Monclair pa pran tan. Gen manb nan kominote entènasyonal la ki te gen tan eksprime dezakò yo sou liberasyon sa, kote yo wè desizyon sa kòm yon zak politik ki pa korèsponn ak angajman Leta a. Gen plizyè vwa k ap mande eksplikasyon, paske aksyon sa sal imaj gouvènman pwovizwa a yon lòt fwa ankò ki te deja anba gwo presyon.

Dènye episòd sa fè nesesite pou dekole lajistis ayisyèn anba grif  politizasyon sistemik enstitisyon yo, epi lanse yon refòm ki kapab garanti endepandans li, entegrite li, kote  règ dwa ak lalwa yo ap ka rèspekte.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button