
Nan kad aplikasyon sikilè 25 jiyè 2025 lan, ki egzije transparans sou pwojè kominotè k ap egzekite nan depatman Nòdès la, plizyè ONG te reponn prezan jedi 30 jiyè a nan biwo Delegasyon Depatmantal Nòdès la pou bay bon jan rapò e remèt dokiman administratif detaye sou aktivite y ap reyalize nan non kominote a.
Pami ONG ki te patisipe yo, te gen PLAN International, Aksyon Agwo Almand (WHH) ak OIM. Chak òganizasyon te voye reprezantan ofisyèl yo pou defann travay y ap fè nan non popilasyon an. Gabriel Frédéric, kowòdonatè nasyonal WHH, te pale sou non òganizasyon li a; Lenes Accilien te reprezante Plan International, pandan Jean Gardy St Juste te pote vwa OIM.

ONG sa yo te pote tout dokiman legal yo, ansanm ak detay sou pwojè yo, bidjè, ekip teknik, ak sous finansman yo. Yo te pwofite pataje tou difikilte teknik ak logistik ki mete kek ti reta nan egzekisyon kèk pwojè.
Delege Depatmantal la, Dionel GERMAIN bò kote pa l , te salye dilijans responsab sa yo fè pou konfòme yo ak lalwa, e li ankouraje lòt ONG ki sou teren an pou yo swiv egzanp sa. Li raple ke tout òganizasyon ki pa respekte egzijans sikilè a ap ekspoze tèt yo a sanksyon legal sevè, paske se dwa popilasyon an pou l konnen ki sa ki fèt nan non li.

Sa montre volonte otorite depatmantal yo pou mete lòd, transparans ak rann kont nan sektè devlopman kominotè a.
