
Selon enfòmasyon ki soti nan plizyè sous, administrasyon amerikèn nan mete sou poz yon seri seremoni natiralizasyon ki te dwe fèt pou aplikasyon sitwayènte ameriken, espesyalman pou moun ki soti nan 19 peyi ki fè pati nouvo lis entèdiksyon vwayaj Prezidan Donald Trump lan. Desizyon sa a frape anpil aplikan ki te sou wout pou prete sèman kòm nouvo sitwayen ameriken.
Sous federal yo fè konnen seremoni ki te pwograme pou pita nan semèn nan pou aplikan ki soti nan Venezyela, Iran ak Afganistan anile san yo pa prevwa lòt dat. Sitiyasyon sa a mete plizyè fanmi nan enkyetid pandan y ap tann yon klarifikasyon sou avni yo. An menm tan, plizyè òganizasyon dwa imigran yo denonse desizyon sa yo kòm yon sòt de blokis politik ki frape kominote vilnerab yo.
Semèn pase a, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) te deja mete tout ka azil sou poz, apati yon revizyon konplè apre yon ensidan kite rive kote yo te tire sou de manm gad nasyonal nan Washington, D.C. Desizyon sa yo vin ajoute presyon sou sistèm imigrasyon ameriken an ki deja twò chaje.
Nan yon deklarasyon li bay ABC News, yonn nan pòtpawòl Depatman Sekirite Teritoryal (DHS) defann apwòch administrasyon Trump la. Li deklare administrasyon an ap fè tout sa li kapab pou asire moun k ap vin sitwayen yo se pi bon nan pi bon yo. Sitwayènte ameriken se yon privilèj, pa yon dwa. Pòtpawòl la kontinye pou li ajoute ajoute ke tout benefis imigrasyon administrasyon Biden an te akòde bay aplikan ki soti nan peyi yo konsidere kòm riske yo sou revizyon.
Lis 19 peyi ki afekte pa entèdiksyon vwayaj sa a enkli Afganistan, Burma, Chad, Repiblik Kongo, Gine Ekwatoryal, Eritre, Ayiti, Iran, Libi, Somali, Soudan, Yemèn, Burundi, Kiba, Laos, Syera Leyòn, Togo, Tirkmenistan ak Venezyela. Sekretè Sekirite Entèn lan Kristi Noem konfime li te rekòmande administrasyon an ajoute plis peyi toujou nan lis sila, men li pa revele kiyès. Yon nan pòtpawòl DHS te fè konnen yo pral anonse non lòt peyi k ap gen pou antre nan lis sa trè byento, sa ki ogmante enkyetid lakay anpil lòt imigran



