ACTUALITESCULTUREEDUCATION

Soti nan « madan papa » rive nan « ponyen tete devan kamera » se rezilta yon kriz moralite ak yon echèk sosyal

‎Depi kèk tan, n ap asiste nan espas piblik la ak sou rezo sosyal yo ak yon anbyans elèv lekòl ki rele « Festi Color» ki trennen dèyè l’ yon pratik ki rele «Ponyen Tete ». Fenomèn sa a, kote jèn gason ap itilize kò jèn fi kòm objè amizman, pa parèt nan reyalite nou toudenkou konsa. Li se rezilta yon dekonpozisyon sosyal ki soti depi nan epòk «madan Papa» a. Refleksyon sa ki pote siyati Delmyr Gremenson vize analize rasin pwoblèm sa a, wòl anviwònman sosyal yo, ak responsablite enstitisyon yo nan degradasyon sosyete a.

‎N ap viv yon eritaj enpinite ak yon kriz idantite kote ‎Jèn k ap pratike fenomèn sa a jodi a se timoun ki  grandi nan peryòd ane 2015 yo, kote mizik «madan Papa» a t ap denonse eksplwatasyon seksyèl. Avèk absans pouvwa ekonomik pou kreye yon rivalite, jèn sa yo repwodui nan yon lòt fason sa yo te wè pi gran yo ap fè anba je leta ki te fèmen. Se yon fason pou yo jwi yon eritaj devègonde kote respè pou kò moun vin san valè.

‎Espas piblik yo tounen prensipal faktè debòch.
‎Mini ba yo k ap pouse tankou djondjon vin tounen prensipal espas kote anpil move pratik fèt. Absans regilasyon sou bri (polisyon sonò) ak itilizasyon lari a kòm espas pou bwè alkòl kreye yon anviwònman kote limit moral yo efase. Lè mizik devègonde ap jwe ak gwo volim nan katye kote ki gen granmoun, pwofesyonèl ki bezwen repo, elèv lekòl ak moun malad, sa voye yon mesaj klè ki di nou:  pa gen nòmalite ak moralite ankò, tout bagay posib.

‎Lekòl la, ki te dwe youn nan dènye ranpa moral sosyete a akote legliz ak lafanmi, pèdi wòl li. Lè yon timoun santi l alèz pou l chante betiz nan lakou lekòl, se paske enstitisyon an sispann anseye valè tradisyonèl yo ak sans kritik. Anplis, anpil nan moun ki vin dirijan Leta yo souvan manke kapasite ak moralite pou yo sèvi kòm modèl, sa ki rann valè edikasyon sitwayen an initil nan je elèv yo.

‎Kondane zak la pa sifi. Ministè Kondisyon Fanm ak òganizasyon dwa moun yo dwe sispann bat makout la pou yo kite bourik la. Defann dwa fanm pase nesesèman pa edikasyon ti gason yo. Si nou pa fòme konsyans gason yo sou respè diyite moun, n ap toujou nan reyaksyon apre dega fin fèt.

‎Men kèk rekòmandasyon ki ka ede nou redrese deriv la nan lide ‎pou konbat fenomèn sa epi rebati yon sosyete ki an sante:

Nou dwe ranfòse kou disètasyon ak lèkti kote
Lekòl yo dwe tounen espas refleksyon kote timoun yo aprann analize konsekans aksyon yo sou tèt yo ak sou lòt moun.

‎Dwe gen sanksyon administratif tou kote tout desizyon Direksyon Depatmantal Edikasyon an pran kont aktivite grivwaz nan lekòl dwe mache ak sanksyon sevè pou direktè ak elèv ki pa respekte yo.

‎Espas piblik yo ta dwe regilarize, lè sa Leta (Lameri, Lapolis ak Komisè Gouvènman an) dwe kontwole volim mizik ak aktivite nan mini-ba yo, sitou sa ki bò kote lekòl oswa nan zòn rezidansyèl.

‎Edikasyon seksyèl ak sitwayèn dwe fè nan lide pou entegre yon pwogram edikasyon sou konsantman ak respè kò moun nan tout nivo lekòl, pou aprann jèn yo ke kò fanm se pa yon jwèt.

‎Nou dwe Responsabilize aktè kiltirèl yo pou
ankouraje pwodiksyon mizik tradisyonèl ak kiltirèl ki valorize idantite nou olye de sa k ap detwi moralite jèn yo.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button