ACTUALITESDIPLOMATIEPOLITIQUE

Plizyè santèn milye venezyelyen pèdi èstati pwoteksyon tamporè (TPS) yo nan peyi Etazini

Plizyè santèn milye venezyelyen k ap viv nan peyi Etazini pèdi ofisyèlman èstati pwoteksyon tanporè yo (TPS) apati vandredi 7 novanm 2025 lan. Desizyon sa a, ki afekte anviwon 268 000 moun,  anpil ladan yo jwenn yo nan sid Eta Florid. Sitiyasyon sa mete yo anba menas depòtasyon yo pou tounen nan yon peyi kote gen gwo kriz ekonomik, politik ak imanitè. TPS la te pèmèt sitwayen yo viv ak travay legalman depi lè administrasyon Biden nan te akòde yo pwoteksyon sa an 2021.

Malgre sitiyasyon difisil ki kontinye ravaje peyi Venezyela, depatman sekirite entèn ameriken an deside pa renouvle pwogram nan. Selon gouvènman an, gen kèk amelyorasyon ekonomik nan peyi a, tankou rediksyon lavi chè ak ogmantasyon pwodiksyon petwòl. Men, plizyè ekspè ak òganizasyon imanitè pa dakò ak evalyasyon sa a; yo fè konnen retou sitwayen sa yo nan peyi Venezyela toujou reprezante yon gwo danjere, sitou pou moun ki te nan opozisyon ak rejim Nicolás Maduro a.

Plizyè lidè opozisyon venezyelyen an, tankou María Corina Machado ak Edmundo González, lanse yon apèl bay Washington pou mande pwolonje pwoteksyon an. Yo avèti ke moun k ap retounen Venezyela yo ekspoze a anpil gwo risk tankou arestasyon abitrè, kidnapin, tòti, karans manje, dlo ak medikaman. Pandan tan sa, Depatman Deta Ameriken konseye sitwayen li yo pou yo evite vwayaje nan Venezyela akoz danje sa yo.

Elizabeth Amaran, yon avoka imigrasyon nan sid Florid, eksplike anpil moun ki te gen TPS toujou gen opsyon legal, tankou demann azil yo ki toujou ap suiv pwosesis yo. Sepandan, anpil lòt ki te sispann oswa fèmen dosye azil yo paske yo te gen TPS kounye a dwe relouvri yo pou evite depòtasyon. Genyen tou anpil venezyelyen ki pa janm fè demann azil ditou e ki depann sèlman de pwoteksyon tanporè sa a.

Pèdi pwoteksyon TPS la reprezante yon gwo kou di pou kominote venezyelyen an nan peyi Etazini, epi soulve anpil kesyon sou obligasyon moral peyi Etazini anvè refijye k ap chape anba kriz venezyelyen an.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button