
Twa imigran ayisyen pèdi lavi yo nan yon aksidan trajik sou Turnpike Florida, touprelè Fort Pierce, 12 dawou pase a. Viktim prensipal la se Herby Dufresne, yon jèn papa 30 an ki t ap vwayaje nan direksyon Indiana ansanm ak 2 lòt konpatriyòt li, Faniola Joseph (37 an) ak Rodrigue Dor (54 an). Yo te frape yon kamyon 18 wou ki t ap fè yon move viraj nan yon zòn entèdi sou yon otowout.
Herby Dufresne te kite Miami pou Indiana pou chèche opòtinite travay, daprè zanmi l yo. Li te antre Etazini an desanm 2023 atravè pwogram imanitè «Humanitarian Parole» la ki te pèmèt plizyè santèn milye Ayisyen jwenn pèmi pou al viv ak travay Etazini pandan 2 zan. Malgre pwogram nan te sispann ane sa a, Dufresne te toujou benefisye Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS). Se yon selibatè, ki te deja gen yon pitit gason 5 an nan Repiblik Dominikèn epi li t ap tann yon lòt timoun ankò.
2 lòt viktim yo, Joseph ak Dor, te rete nan Sid Florid avan yo deplase nan Indiana. Yo te sou wout la kòm pasaje nan yon minivàn lè aksidan an rive a. Pandan Dor ak Joseph te mouri sou plas, Dufresne te rann dènye souf li nan lopital kèk èdtan aprè. Zanmi l yo rapòte twa moun yo te gen abitid fè vwayaj ant Miami ak Indiana, swa pou travay, swa pou achte.
Chofè kamyon an, Harjinder Singh, yon imigran endyen ki te antre Etazini ilegalman depi 2018, se li menm ki lakòz aksidan an. Selon patwouy otowout Florid, Singh te bloke tout liy otowout la pandan li t ap fè viraj. Apre aksidan an, li te retounen Kalifòni, men otorite yo arete l kèk jou apre e yo transfere l nan konte St. Lucie. Singh ap fè fas ak plizyè akizasyon omisid ak omisid involontè.
Aksidan sa a soulve gwo reyaksyon nasyonal e menm entènasyonal, sitou akòz sitiyasyon imigrasyon chofè a. Gwoup “Sikhs for Justice” te rasanble $100,000 pou fanmi viktim yo epi yo te òganize yon veye lapriyè pou Singh devan prizon kote li prizonye. Men pwòch Dufresne yo konsidere jès sa yo kòm senbolik sèlman, pandan fanmi viktim yo ap soufri pèdi yo.
Malerezman, pèsòn poko reklame kò twa ayisyen sa yo nan biwo medsin lejis St. Lucie a. Manman Dufresne ki rete Ayiti ta renmen patisipe nan demach fineray la, men nouvo règleman imigrasyon administrasyon Trump la entèdi sitwayen ayisyen ki pa gen viza rantre Etazini. Sitiyasyon sa a kite fanmi yo nan dezespwa pandan y ap chèche yon solisyon pou bay viktim yo yon dènye omaj.




