ACTUALITESDIPLOMATIEINTERNATIONALPOLITIQUE

Pandan manda KPT a ap rive nan bout li, Etazini pran yon pozisyon radikal

Reyinyon wo nivo sou kriz ayisyen an te dewoule lendi 2 fevriye 2026 nan Washington, sou inisyativ Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), ak patisipasyon Kominote Karayib la (CARICOM) ansanm ak lòt patnè entènasyonal. Rankont sa a vini nan yon moman kote manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ap rive nan bout li, nan yon klima ensètitid politik ak ensekirite k ap ogmante ann Ayiti.

Fas ak enkapasite aktè politik ayisyen yo pou jwenn yon konsansis apre ekspirasyon manda KPT a ki prevwa pou 7 fevriye 2026 la, Etazini pran pozisyon klè pou l apiye Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé. Washington fè konnen li p ap rekonèt okenn lòt aranjman pouvwa ki pa respekte akò tranzisyon 2024 la. Nan yon deklarasyon piblik, anbasad amerikèn nan Pòtoprens souliye sipò peyi Etazini gen pou wè ak lidèchip Premye Minis la nan objektif pou bati yon Ayiti ki solid, pwospè e lib.

Depi plizyè semèn, sèn politik ayisyen an ap anime ak diskisyon, kowalisyon k ap chanje koulè vire tounen ak pwopozisyonn k ap konkiranse youn lòt pou ranplase KPT a. Malgre gen yon konsansis laj sou echèk konsèy nèf manm nan l sitou sou kesyon sekirite ak òganizasyon eleksyon, dezakò a rete total sou fòm ak aktè ki ta dwe dirije pwochen etap tranzisyon an. Plizyè gwoup dakò sou prensip yon egzekitif bisefal, sepandan gen omwen senk pwopozisyon diferan ap konpetisyon san okenn nan yo pa rive rasanble majorite.

Nan efò medyasyon yo, yon delegasyon CARICOM,  ansanm ak anbasadè Colin Granderson, te patisipe nan reyinyon Washington lan, kote Nasyonzini, Kanada, Etazini ak gouvènman ayisyen an te prezan tou. Diskisyon yo te konsantre sou sekirite, gouvènans, eleksyon ak deplwaman yon Fòs Sipresyon Gang pou ede Polis Nasyonal la. Dosye ekspirasyon manda KPT a te rete nan kè deba yo, sitou nan yon kontèks kote gang ame kontwole gwo pati Pòtoprens ak rejyon Latibonit.

Nan yon deklarasyon, OEA a dekri sitiyasyon an kòm yon moman gwo ensètitid epi li raple enpòtans yon solisyon ki dwe jwenn ant ayisyen . Men, Etazini ensiste sou nesesite pou estabilite rapid ak yon chemen kout pou rive nan eleksyon, olye de yon tranzisyon pwolonje. Malgre sa, kèk manm KPT a kontinye fè manèv pou rete nan kad tranzisyon an, malgre angajman yo te pran pou kite pouvwa a 7 fevriye.

Se nan kontèks sa a twa manm konsèy la: Leslie Voltaire, Edgard Leblanc Fils ak Louis Gérald Gilles anonse kreyasyon yon nouvo kolèj prezidansyèl. Inisyativ sa a, menm jan ak lòt pwopozisyon paralèl, soulve anpil kesyon sou lejitimite ak otorite. Pou plizyè obsèvatè, echèk KPT a pa sèlman nan rezilta yo, men nan konfli entèn ki te paralize misyon li. Jan yon ansyen palmantè rezime l: konsèy la te pran pouvwa pou asire sekirite ak òganize eleksyon, men li te pèdi tan li nan batay entèn epi jodi a li refize kite plas la pandan lè a rive.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button