
Yon jij federal nan Washington pran yon desizyon enpòtan lendi swa pou bloke administrasyon Trump la nan tantativ li pou mete fen nan Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou ayisyen yo. Jij la estime Depatman Sekirite Entèn (DHS) te vyole lalwa, e desizyon sa bloke pou kounye a lot desizyon kite pran pou mete nan pwoteksyon an jodi madi a nan 11:59 p.m. Desizyon sa a soulaje plis pase 300,000 Ayisyen ki te anba gwo laperèz pou yo ta ka arete oswa depòte yo nan yon peyi ki ap travèse yon kriz san parèy.
Nan tribinal la, avoka DHS yo te plede pou di ke desizyon Sekretè Sekirite Entèn Kristi Noem lan pa t dwe revize pa lajistis, selon entansyon Kongrè a lè li te kreye lwa TPS la. Men, avoka ayisyen yo te mete aksan sou aspè diskriminatwa desizyon an, yo fè konnen li pa sèlman baze sou nasyonalite, men sou ras, kote yo souliye ostilite klè administrasyon Trump lan anvè ayisyen yo. Se premye fwa yon dosye pwoteksyon legal rive devan tribinal la sou baz diskriminasyon rasyal sèlman. Administrasyon an deja anonse li gen entansyon fè apèl kont desizyon an devan lakou siprèm.
TPS pou Ayiti te etabli an 2010 sou administrasyon Prezidan Barack Obama apre tranbleman tè devastatè ki te touye plis pase 300,000 moun epi kite 1.5 milyon lòt san kay. Plis pase yon deseni apre, sitiyasyon Ayiti vin pi grav toujou kote pa gen otorite eli depi plizyè ane, gang ame yo kontwole plizyè zòn, e ensekirite a ap ogmante chak jou. Defansè dwa imigran yo avèti ke retounen ayisyen yo nan yon kontèks konsa se ta mete lavi yo dirèkteman an danje, nan yon peyi kote plis pase 6 milyon moun bezwen asistans imanitè.
Nan Sid Florid, kote plis pase 150,000 Ayisyen ap viv anba TPS, kominote a ak lidè ekonomik yo akèyi desizyon jij la akeyi ak soulajman. Daprè sektè biznis la, fen TPS la ta pral lakòz yon karans grav pou travayè, sa ki ta pral gen gwo konsekans sou ekonomi lokal la. Anpil fanmi ayisyen kontribye depi plizyè ane nan devlopman ekonomik rejyon an, pandan y ap soutni fanmi yo lakay atravè transfè lajan.
Pwosè a te depoze pa nèf demandè, pami yo ayisyen ki benefisye TPS, Asosyasyon Klèje Evanjelik Ayisyen an, ak sendika EIU-32BJ. Yo akize administrasyon an d vyole lwa imigrasyon yo epi aji sou baz animozite rasyal, yo raple deklarasyon denigran Trump te fè sou ayisyen nan tan pase. Kabinè avoka Kurzban Kurzban, Tetzeli & Pratt ansanm ak Just Futures Law ap kontinye defann demandè yo, pandan lòt aksyon legal, tankou demann enfòmasyon ofisyèl, ap kontinye pou fè limyè sou motivasyon reyèl desizyon DHS la.



