ACTUALITESEDUCATION

Ministè Ledikasyon Nasyonal deja fikse dat ofisyèl rantre lekòl la pou ane akademik 2025-2026 lan.

Nan yon kominike pou laprès ki sòti jodi a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse ofisyèlman rantre lekòl la pou ane akademik 2025-2026 lan ap fèt mèkredi premye oktòb 2025. Desizyon sa a konsène lekòl nan tout nivo: preskolè, fondamantal ak segondè.

Dapre planifikasyon ministè a, ane akademik la dwe gen 186 jou klas ak 11 jou konje. Kidonk, chak nivo ap gen yon kantite èdtan ki dwe rèspèkte nan lide pou asire bon jan aprantisaj elèv yo: 844 èdtan pou preskolè, 930 èdtan pou fondamantal, ak 1116 èdtan pou segondè.

Nan objektif pou soulaje difikilte kèk lekòl ap konfwonte, MENFP anonse kèk mezi akonpayman pou paran, lekòl piblik tankou prive ki gen difikilte sitou nan depatman Lwès, Sant ak Latibonit. Inisyativ sa yo fè pati  fèy de wout Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou mete aksan sou aksyon ijan ak estratejik.

Nan yon vizyon pi long dire, Ministè a mete aksan sou plizyè chantye enpòtan tankou: refòm nan edikasyon preskolè, modènizasyon kourikoulòm eskolè yo, devlòpman fòmasyon teknik ak pwofesyonèl, amelyorasyon ansèyman nan 4 nivo fondamantal yo, ak distribisyon «liv inik». Rèsponsab MENFP yo pale tou de rekonstriksyon kèk lekòl, ak sipò pou elèv deplase yo andedan peyi a.

Rèsponsab MENFP yo fè konnen tou y ap kontinye batay pou asire ogmantasyon kantite tan lekòl, bon jan fonksyònman lekòl nasyonal yo, ak bon jan dyalòg ak patnè e sendika yo. Gen lòt chantye ki konsène tankou akreditasyon lekòl prive yo, resansman lekòl yo ak ranfòsman dyalòg ak asosiyasyon yo.

Ministè Ledikasyon Nasyonal di li konte sou sipò gouvènman an, kolektivite teritoryal yo, ak tout patnè ak aktè yo ki nan sistèm edikatif la pou yon ane 2025-2026 ki reyisi.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button