
Nan yon kominike pou lapwès ki pote dat 29 dawou 2025, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè konnen li mete disponib rezilta pasyèl egzamen nevyèm ane fondamantal pou ane 2025 lan pou 8 Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE). Se rezilta sa yo ki soti pou Nò, Lwès, Nòdès, Latibonit, Sid, Grandans, Nòdwès, ak Nip. Se Biwo Nasyonal Egzamen Leta (BUNEXE) ki founi enfòmasyon sa yo.
Dapre sa ki pibliye, Direksyo Depatmantal Nò a ki an tèt lis la ak yon to reyisit ki rive nan 96.54%. Lwès la swiv ak 95.16%, epi Sid vini an twazyèm pozisyon ak 91.22%. Sa montre yon ogmantasyon enpòtan nan nivo reyisit nan rejyon sa yo pa rapò ak ane anvan yo.
Pou lòt rejyon yo, Grandans gen 93.74% elèv ki reyisi, Nòdès 87.53%, Latibonit 86.01%, Nip 72.49% , epi Nodwès fè pati de dènye yo ak sèlman 54.19% reyisit. Gen kèk lòt Direksyon Depatmantal Edikasyon tankou Sidès ak Sant ki poko gen rezilta yo disponib, dapre MENFP, men y ap vini trè byento.
An total, Direksyon sa yo te resevwa plis pase 169 mil elèv pou egzamen an, e majorite ladan yo pase. Ministè a envite tout direktè lekòl yo al chèche lis rezilta pou chak lekòl yo nan biwo Direksyon Depatmantal Edikasyon ki nan zòn yo. Se yon apèl tou pou lekòl yo kontinye amelyore kalite ansèyman an.
MENFP fè konnen li kontan wè efò ki fèt sou tout teritwa a pou amelyore edikasyon e li remèsye tout aktè ki te mete men pou reyalizasyon egzamen sa yo mlagre gwo difikilte te gen nan mitan ane akademik ki lakoz gen kèk jou klas elèv yo pèdi.




