
Nan yon vizit ofisyèl, konseye-prezidan Smith Augustin, te rankontre ak ekip rektora Inivèsite Leta Dayiti a (ILA) jodi jedi 11 septanm 2025 lan pou diskite sou defi yon ansanm enstitisyon an ap fè fas nan kontèks kriz ensekirite ki lakoz gwo domaj nan plizyè fakilte. Rankont sa te fèt an prezans direktè kabinè konseye-prezidan an, se te okazyon pou rektè ILA a, profesè Dieuseul Prédélus, prezante bezwen ijan inivèsite a.
Daprè rektè Prédélus, ensidan ensekirite yo, ki akouche yon seri zak piyaj ak abandòn plizyè espas ansèyman, mete rèsponsab yo nan obligasyon pou lwe lokal tanporè pou garanti kontinyite kou yo. Malgre sitiyasyon difisil sa a, ILA rete detèmine pou asire fòmasyon etidyan yo pandan l ap chèche solisyon estriktirèl pi dirab.
Nan plan devlòpman li, rektora a prevwa ouvèti nouvo kanpis nan diferan rejyon nan peyi a, ak objektif pou desantralize ak ranfòse aksè nan ansèyman siperyè. Lidè inivèsite a soulinye enpòtans pou Leta ak patnè yo fè pi plis envestisman nan edikasyon siperyè, ki daprè sa l di reprezante yon poto mitan pou avni peyi a.
Daprè rèktora a , ILA dispoze anviwon 1 500 anseyan, ladan yo 1 200 vakatè k ap soutni efò ansèyman an malgre kontrent yo. Rèsponsab yo avèti san yon sipò finansye konsekan, inivèsite a ka gen gwo difikilte pou kenbe bon jan kalite fòmasyon nan ane kap vini yo.
Nan fen echanj la, yon pwojè bidjè evalye a uit (8) milya goud pou ane fiskal 2025-2026 te ofisyèlman remèt bay konseye-prezidan Smith Augustin. Dokiman sa a vize reponn ak bezwen imedya yo pandan l ap trase wout pou gen modènizasyon ak ranfòsman inivèsite a nan kad misyon li kòm pi gwo enstitisyon edikasyon siperyè piblik nan peyi a.



