ACTUALITESCOMMERCIALINTERNATIONAL

Entèdiksyon vòl avyon ki soti Etazini pou rive Ayiti toujou rete kenbe pou yon lòt dat

Administrasyon Federal Aviyasyon Etazini (FAA) anonse vandredi 5 septanm 2025 la, ke li pwolonje entèdiksyon sou tout vòl konpayi ayeryen ameriken yo sou Ayiti jiska 7 mas 2026. Sa vle di pandan tout ane 2025 lan, p ap gen okenn vòl komèsyal ameriken ki gen dwa ateri sou tè peyi Dayiti.

Depi novanm 2023, konpayi Spirit, American Airlines ak JetBlue te deja pran desizyon sispann vòl yo sou Pòtoprens, apre bandi ak zam te tire sou yon avyon ki t ap ateri sou ayewopò Toussaint Louverture nan kapital la. Desizyon FAA pran an chita sou enkyetid ki gen rapò ak sekirite vòl yo.

Dapre sa FAA fè konnen, 90% kapital Pòtoprens anba kontwòl bandi ak zam, e yo ta posede gwo zam lou ak dròn, ki kapab atake avyon k ap vole nan bas altitid. Risk sa yo mete lavi pasaje yo ak ekip avyon yo an danje, se pou rezon sa yo deside pa pran okenn chans.

Desizyon sa pote gwo fristrasyon pou anpil Ayisyen nan dyaspora a, sitou Ozetazini, ki konplike posibilite pou yo rantre lakay yo. Sitiyasyon sa genyen gwo konsekans ekonomik tou sou touris, komès, e menm èd imanitè ki t ap eseye rive nan peyi a.

Pèp Ayisyen an, andedan ak deyò peyi a, ap viv ak gwo enkyetid, pandan yo swete gen chanjman ki pote pou amelyore sekirite épi retabli vòl yo.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button