
Pandan yon rankont ak konsèy sekirite Nasyonzini (ONU) ansanm ak OEA jedi 28 dawout 2025, Etazini ak Panama mete sou tab la yon pwopozisyon pou mete sou pye yon nouvo fòs entènasyonal pou ranplase Misyon Multinasyonal Soutyen ak Sekirite a (MMSS) an Ayiti.
Nouvo fòs sa a ta dwe pote non «Force de Suppression des Gangs» (GSF). Objektif misyon sa klè: «konbat gang an Ayiti yo ki kontinye simen latwoublay ak mete popilasyon nan laperèz».
Dapre dokiman sa, Etazini ak Panama swete mete sou pye yon biwo sipò Nasyonzini an Ayiti pou jere finansman ak estrikti operasyonèl GSF la. Biwo sa pral fasilite lojistik, finansman ak kowòdinasyon ant aktè entènasyonal yo.
Pwopozisyon sa a ap vini nan yon moman kote anpil Ayisyen ap kritike feblès MMSS la sou tèren an, kote nesesite pou gen aksyon konkrè ki poze kont gang yo ap vin pi ijan chak jou. Desizyon final la poko pran, men repons kominote entènasyonal la fwa sa vle parèt pi agresif lè yo vize atake dirèkteman nwayo pwoblèm lan ki se ensekirite ak gangsterizasyon peyi an.
Daprè kèk analis politik, si fòs sa a apwouve, li kapab make yon nouvo chanjman estratejik nan jesyon kriz ensekirite a an Ayiti. Rete pou wè si lòt peyi manm yo ap ap apiye vizyon Etazini ak Panama sou koze sa a.




