ACTUALITESEDITORIALINTERNATIONAL

Malgre kriz ak ensètitid sou koze imigrasyon, dyaspora ayisyèn nan kontinye soutni ekonomi peyi a

Nan yon moman kote enkyetid sou lavni imigran ayisyen yo nan peyi Etazini ap ogmante, dyaspora a kontinye jwe yon wòl esansyèl nan estabilite ekonomik peyi a. Malgre presyon ak agresivite administrasyon prezidan Donald Trump lan pou mete fen nan pwogram pwoteksyon tanporè a (TPS) epi ogmante represyon sou imigran yo, ayisyen k ap viv aletranje yo kontinye voye plizyè milya dola lakay yo pou ede fanmi yo ak soutni ekonomi peyi a. Dapre Fon Monetè Entènasyonal (FMI), transfè sa yo pèmèt Ayiti respire yon ti kras nan mitan yon kriz ekonomik ki dire deja sèt ane ak yon enflasyon ki rive jiska 32%.


FMI fè konnen transfè lajan sa yo ranfòse balans kont kouran peyi a, ki prevwa pou anrejistre yon sipli modere ane sa a. Nan menm sans lan, Bank Santral Ayiti (BRH) rapòte ke ane pase a, plis pase 4 milya dola ameriken te voye an Ayiti atravè enstitisyon fòmèl yo, yon ogmantasyon 9.5% konpare ak ane anvan. Gouvènè bank la, Ronald Gabriel, te souliye nan yon peyi kote plis pase 70% popilasyon an depann de lajan k ap vini aletranje, transfè sa yo se yon «kannòt sovtaj» ki pèmèt anpil fanmi peye lekòl, pran swen sante ak achte manje. Dapre analiz Manuel Orozco, direktè pwogram sou migrasyon nan «Dialogue Interaméricain», 2.8 milya dola nan lajan sa a te soti dirèkteman nan peyi Etazini.


Pou 6 premye mwa 2025 yo, transfè lajan an Ayiti deja monte a 2.2 milya dola, pami yo 1.8 milya soti Ozetazini. Mesye Orozco estime kantite total transfè yo ka ogmante plis pase 15% ane sa a, sitou akoz pè ak ensètitid imigran ayisyen yo ap viv. Li fè konnen ogmantasyon sa a pa soti nan nouvo imigran, men plis nan efò moun ki te deja ap viv nan Etazini yo ap fè pou voye plis lajan anvan posiblite depòtasyon yo ta rive sou yo. Ant mwa oktòb 2024 ak mwa dawou 2025, kantite mwayèn transfè chak moun te fè a monte de 140 a 160 dola. Pou li, sa se yon refleksyon dirèk sou presyon imigrasyon ak revokasyon pwogram imanitè ki te pèmèt plis pase 200,000 Ayisyen antre ak rete nan peyi Etazini pandan administrasyon Biden lan.


Sepandan, Orozco prevwa pou 2026, transfè yo ta ka diminye akoz yon bès nan kantite Ayisyen k ap imigre Etazini ak yon ti mouvman retou lakay. Li estime ka gen jiska 50,000 mwens tranzaksyon pa mwa sou plis pase yon milyon operasyon ki fèt chak mwa. Sitiyasyon sa a vin pi konplike ak desizyon administrasyon Trump lan pou revoke estati «libète kondisyonèl imanitè» plizyè santèn milye imigran, pami yo ayisyen, kiben, nikaragweyen ak venezyelyen. Pandan anpil òganizasyon dwa imigran ap konteste mezi sa yo, anpil Ayisyen ap prepare tèt yo pou yon eventyèl depòtasyon masif apati 3 fevriye 2026, ki se dat ki prevwa pou TPS Ayiti a sipoze fini.


Nan dènye rapò li, FMI avèti ke lavni ekonomik Ayiti a ap toujou anba menas, sitou akòz dezòd gang yo, vyolans, ak enstabilite sosyal. Enstitisyon an estime ke nenpòt chanjman nan politik imigrasyon ak etranje yo ka frape transfè lajan ak ekspòtasyon yo, sa ki kapab agrave kriz ekonomik la ak ogmante presyon sou bidjè leta. Pandanstan, ajans imanitè Nasyonzini yo kontinye tire son alèt sou sitiyasyon imanitè a ki ap dejenere.


Daprè Pwogram Alimantè Mondyal (PAM), 51% popilasyon ayisyen an ap fè fas ak grangou, yon ogmantasyon 3% konpare ak ane pase, pandan malnitrisyon timoun ki poko gen 5 an double nan de zan, soti nan 7% pou rive 14%. Fanm, timoun ak fanmi deplase yo se kategori ki pi frape.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button