ACTUALITESINTERNATIONAL

Venezyela di li demantle yon konplo CIA nan karayib la

Gouvènman venezyelyen an deklare dimanch li te kaptire yon gwoup mèsenè ki, daprè li, gen lyen dirèk ak Ajans Entèlijans Santral peyi Etazini (CIA). Daprè rejim Nicolás Maduro a, operasyon sa a se te pati nan yon “konplo kont drapo peyi a kote «Washington» t ap planifye pou pwovoke yon konfli ame nan rejyon karayib la.

Nan yon deklarasyon vis-prezidan Delcy Rodríguez te pibliye, gouvènman sosyalis la te afime ke plan atak lan t ap fèt swa depi fwontyè ant Trinidad ak Tobago ak Venezyela, swa sou teritwa youn nan de peyi sa yo. Objektif operasyon sa a, daprè «Caracas» , se te pou anjandre yon konfwontasyon militè  kont Venezyela.

Rejim Maduro a akize tou gouvènman Trinidad ak Tobago a,Premye Minis Kamla Persad-Bissessar ap dirije, kòm moun ki t ap kowòdone egzèsis militè sa ansanm ak Etazini. Nan deklarasyon sa ye li denonse sa yon pwovokasyon ostil ak yon menas grav pou lapè karayib la.

Malgre gravite akizasyon yo, gouvènman Venezyelyen an pa t bay okenn detay konkrè sou arestasyon mèsenè yo. Pa gen enfòmasyon sou kantite moun arete yo, nasyonalite yo, ni kote egzak kote operasyon an te fèt. Okenn sous endepandan pa konfime nouvèl la.

Pou moman, ni Etazini, ni otorite Trinidad ak Tobago yo pa reyaji piblikman sou deklarasyon Caracas la. Jounal Miami Herald rapòte ke li pa t kapab jwenn okenn prèv ki montre egzistans yon gwoup CIA oswa yon operasyon militè kowòdone nan rejyon an.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button