
Apati de lendi sa a, otorite yo nan vil Dajabón an Repiblik Dominikèn mete yon nouvo règ ki entèdi moto 3 wou ayisyen yo sikile nan tout vil la. Aprè desizyon sa, chofè yo sèlman gen dwa sikile mache fwontalye a, ki se prensipal espas echanj komèsyal ant de peyi yo.
Pou asire règ sa a aplike kòmsadwa, plizyè enstitisyon dominikèn deja pran dispozisyon pou sa tankou: Direksyon Migrasyon, Lame , Polis Nasyonal ak Polis Minisipal . Misyon yo se siveye epi kontwole zòn ki konsène yo pou tout moun obeyi ak desizyon sa a.
Otorite lokal yo deja fè konnen nenpòt moun ki vyole règleman sa ap sibi gwo sanksyon. Nan ka sa a, yo pral sezi veyikil sa yo sou plas epi pwopriyetè yo pral peye yon amand ki ka varye ant 5 000 ak 10 000 peso . Sa montre jan responsab yo detèmine pou mete fen nan sikilasyon moto 3 sa yo ki konsidere tankou yon gwo dezòd.
Nan yon kominike ofisyèl, rèsponsab minisipal yo lanse yon apèl bay tout machann yo ak rès popilasyon an pou yo kolabore. Daprè otorite yo, mezi sa yo vize retabli lòd nan vil Dajabón epi garanti bon fonksyònman aktivite ekonomik yo.



