ACTUALITESCULTUREINTERNATIONAL

Tribinal Konstitisyonè anile lwa ki te kriminalize relasyon omoseksyèl nan lame ak lapolis an Repiblik Dominikèn

Repiblik Dominikèn fè yon vanse istorik nan respè dwa moun ak modènizasyon enstitisyon sekirite li yo. Nan yon jijman san parèy, Tribinal Konstitisyonèl la anonse relasyon omoseksyèl yo reprezante yon krim ni nan Fòs Lame Dominiken yo ni nan Lapolis Nasyonal la. Desizyon sa a make yon gwo chanjman nan fason Leta apwoche kesyon divèsite ak libète endividyèl nan fòs lòd yo.

Nan jijman TC/1225/25 la, tribinal la revoke atik 210 nan lwa 285 ak atik 260 nan lwa 3483. 2 dispozisyon sa yo te tabli santans prizon kont nenpòt ofisye oswa militè ki t ap angaje nan relasyon omoseksyèl. Lwa sa yo te fè pati sistèm jiridik Repiblik Dominikèn lan pandan plizyè deseni, e yo te konsidere kòm youn nan baryè ki pi fò kont enklizyon ak respè pou dwa kominote LGBTQ+ nan peyi a.

Tribinal Konstitisyonèl la eksplike nan desizyon sa dispozisyon sa yo pa t gen okenn baz legal ni moral pou kontinye egziste nan yon sosyete demokratik. Yo te non sèlman kreye yon diskriminasyon ouvè kont moun ki gen oryantasyon seksyèl diferan, men yo te vyole dwa fondamantal tankou respè pou lavi prive, lib devlopman pèsonalite ak dwa pou moun travay nan enstitisyon leta san prejije ni presyon ilegal.

Reyaksyon yo pa t pran tan leve nan plizyè sektè sosyete a. Òganizasyon defans dwa moun yo salye desizyon an kòm yon viktwa istorik ki mete Repiblik Dominikèn sou lis peyi ki ap fè pwogrè nan pwoteksyon minorite yo. Gen lòt sektè, sitou nan gwo enstitisyon relijye yo, ki eksprime enkyetid e ki konsidere desizyon an kòm yon zak ki kontrè ak tradisyon moral yo. Malgre sa, analiz politik yo montre Tribinal la pran yon pozisyon ki aliyen ak prensip konstitisyonèl ak nòm entènasyonal yo.

Desizyon TC/1225/25 la ouvri yon nouvo chapit nan istwa pou fòs lame ak lapolis dominikèn nan. Li pa sèlman retire kriminalizasyon yon pratik ki fè pati lavi pèsonèl moun, men li voye yon mesaj klè sou volonte peyi a pou amelyore tolerans, respè ak ekite nan kad sèvis piblik yo. Pou anpil obsèvatè, sa pa sèlman yon desizyon legal, se yon etap istorik nan lit pou diyite, egalite ak demokratizasyon total enstitisyon dominikèn yo.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button