
Plizyè dizèn chofè moto 3 wou nan vil Wanament desann nan lari a byen bonè jedi 02 oktob 2025 lan pou denonse entèdiksyon otorite dominikèn yo mete sou yo pou entèdi yo sikile nan vil Dajabòn. Pwotestasyon sa a, ki dewoule toupre zòn dwàn lan, riske make yon nouvo epizòd tansyon nan relasyon komèsyal ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.
Reprezantan asosyasyon chofè moto 3 wou yo fè konnen desizyon sa a pral pote gwo konsekans ekonomik sou lavi plizyè fanmi. Daprè yo, mwayen transpò sa a ki sèvi chak jou pou transpòte machandiz, pote pasaje ak sipòte ti komès atravè fwontyè a. Yo dekri desizyon sa tankou yon mezi diskriminatwa ki pral mete klas ki pi vilnerab yo an nan plis ensekirite finansyè.
Patisipan yo nan mobilizasyon sa mande Leta ayisyen pou li pa rete sou silans sou kesyon sa. Yo lanse yon apèl klè bay otorite santral yo pou yo angaje yo nan dyalòg diplomatik ak gouvènman dominiken an, nan objektif pou chèche yon solisyon ekilibre pou tout sitwayen yo sou 2 bò fwontyè a.
Nan mitan mouvman an, chofè yo kenbe yon atmosfè pasifik, men yo pat kache fristrasyon yo. Gen kèk nan yo ki fè konnen yo pa gen lòt altènativ pou viv si entèdiksyon sa a pa leve.
Pandan tansyon an kontinye ap ogmante nan zòn nan, okenn otorite lokal poko pwononse yo sou revandikasyon sa yo.



