ACTUALITESSÉCURITÉ

Yon jounen doulè ak tristès pandan antèman 4 polisye  bandi te touye nan Kenskòf

Yon gwo nyaj doulè ak tristès te domine komin Kenskòf jodi samdi 06 septanm 2025 lan kote antèman 4 polisye te chante yon sèl kou. Ajan fòs de lòd sa yo te viktim anba vyolans san limit bandi ak zam kite atake nan zòn nan.

Daprè enfòmasyon yo gen 2 ladan yo se ajan inite SWAT, ki te pèdi lavi yo pandan yo t ap eseye reponn a yon sitiyasyon ijans kote bandi t ap mete kout zam sou zòn sa. 2 lòt viktim yo se ajan BOID, ki yo menm tou te tonbe sou sit Teleco Kenskòf la anba bal malfwa yo.

Jounen sa te chaje ak anpil emosyon. Fanmi, kolèg ak pwòch viktim yo te reyini pou rann yon dènye omaj ak 4 vanyan gason sa yo ki te bay lavi yo nan batay kont ensekirite a. Pandan seremoni sa, drapo PNH la te kouvri sèkèy chak polisye, pandan mizik, lapriyè, ak pawòl rekonfò pou te bay kouray ak pwòch viktim yo nan gwo doulè sa

SWAT ak BOID se 2 inite èspesyalize nan Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) ki souvan dan devan nan anpil atak kont bandi yo. Sepandan sitiyasyon polisye k ap tonbe tankou zwazo soulve anpil kesyon sou mwayen yo genyen pou yo konbat gang ame yo ki ta sanble gen zam ki  pi lou pase yo. Pou anpil sitwayen avize mank fòmasyon ak lojistik limite travay fòs de lòd yo kont bandi yo.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button