
Yon regwoupman òganizasyon sosyal ak manb sosyete sivil la te reyini jodi madi 9 septanm lan nan nouvo mache Moca a pou òganize yon veye senbolik kont pri lavi a ki ap ogmante san kontwòl ak kriz elektrisite ki kontinye frape popilasyon an.
Mobilizasyon sa ki te fèt nan plizyè ri prensipal vil la gras ak òganizasyon «Mouvman Popilè Pèleren Moca» , ansanm ak «Gran Fron pou Lit ak Pwogrè ak Kowalisyon Cibao» a. Yo te lanse yon apèl pou plis patisipasyon sitwayen nan manifestasyon pasifik yo kòm yon fason pou fè presyon sou otorite yo.
Patisipan yo te pote bouji, pankat, ak mesaj ki denonse sitiyasyon difisil anpil fanmi ap viv jounen jodi a, sitou fas ak pri manje ki pa sispann monte, pà kouran a plizyè repriz, ak yon ogmantasyon lajan ki pa jistifye nan bòdwo elektrisite yo, daprè sa yo di.
Òganizatè yo fè konnen objektif veye sa se pou fè gouvènman an pran konsyans de kriz sosyal la epi egzije gen yon repons rapid bò kote konpayi «Edenorte» ak lòt enstitisyon Leta ki jere sektè elektrisite nan peyi a. Yo akize otorite yo de inyore plent popilasyon an pandan malè a ap vin pi grav chak jou.
Nan deklarasyon yo, reprezantan mouvman yo raple ke mekontantman an pa limite sèlman ak Moca, men li gaye nan tout rejyon Cibao a, kote plizyè kominote ap viv menm pwoblèm yo. “Nou pa kapab kontinye peye chè pou kouran nou pa resevwa,” youn nan manifestan yo te deklare.
Veye senbolik sa a make yon lòt etap nan seri mobilizasyon k ap fèt nan zòn nan kont lavi chè ak enstabilite nan pri sèvis piblik yo. Òganizatè yo anonse gen lòt aksyon toujou ki pral fèt nan semèn k ap vini yo si otorite yo kontinye fèmen je ak bouche zòrèy yo devan revandikasyon popilasyon an.



