
Otorite ameriken yo akize Bazile Richardson, yon sitwayen ki fèt Ayiti men ki natiralize ameriken , ansanm ak 2 lòt konplis ankò pou konivans yo genyen ak Jimmy Chérizier (a.k.a “Barbecue”), chèf gang Viv Ansanm lan. Selon pwokirè federal la nan Distri Kolonbia, yo te voye plizyè dizèn milye dola an Ayiti pou achte zam, machin, epi peye manm gang yo, malgre sanksyon Etazini te mete sou Chérizier depi 2020. Richardson, ki di li gen lyen zanmitay trè lontan avèk Chérizier, te arete mwa pase a nan Houston.
Gang G9 la ki vire an alyans “Viv Ansanm” depi 2023, te mennen atak kowòdone nan mwa fevriye 2024, pou te fòse demisyon Premye Minis Ariel Henry. Jodia Nasyonzini estime gang yo kontwole 85% Pòtoprens, sa ki kreye yon gwo kriz sekiritè ak imanitè nan peyi Dayiti. Pwokirè yo di Richardson te fè transfè lajan ant 2020 ak 2024 plis pase 49,000 Dola ameriken, pou finanse “revolisyon” gang yo aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse an 2021.
Daprè akizasyon yo, Chérizier toujou kominike regilyèman ak Richardson ak lòt konplis yo nan peyi Etazini atravè rezo sosyal pou mande sipò finansye. Lajan yo pase atravè entèmedyè oswa kont labank an Ayiti an dola ameriken. Yo akize konplis yo tou pou rechaj telefòn yo konn fè pou Chérizier pou pèmèt li kontinye itilize rezo kominikasyon yo.
Nan nòt vokal yo prezante kòm prèv, Richardson te deklare li pare pou “prizon oswa lanmò” nan batay la. Li te resevwa pwomès pou li ta jwenn yon gwo pòs nan yon “nouvo gouvènman” si konplo a te reyisi. Lòt konspiratè yo an Ayiti te lanse plan pou ranmase lajan nan men dyaspora yo, ak objektif pou kolekte lajan nan men plizyè milye ayisyen k ap viv Ayiti ak nan peyi letranje.
Lajan sa yo te sipoze sèvi pou achte machin, zam, minisyon, ak ekipman pou plis pase 1,000 sòlda gang yo. Nan yon lòt nòt vokal, Richardson te resevwa lis ekipman nesesè, gang yo te mete plis aksan sou machin ak zam kòm pi gwo priyorite. Pou te evite depans transfè entènasyonal yo, plan finansman sa te vize chèche kont labank an dola ameriken nan men moun an Ayiti.
Nan kòmansman 2024, Etazini te klase Chérizier kòm yon “teworis mondyal” ak Viv Ansanm kòm yon “Òganizasyon Teworis Etranje,” sa ki elaji jiridiksyon Etazini pou pouswiv nenpòt moun ki ta ba yo sipò sou nenpòt fòm. Si yo ta jwenn yo koupab, Richardson ak konplis li yo riske fè fas ak pinisyon lajistis ki sevè anpil. Yo ka menm transfere yo nan prizon ki gen mezi sekirite nan Amerik Latin nan.