
Yon fanm ayisyèn ki t ap viv san papye an Repiblik Dominikèn mouri madi 9 septanm 2025 la, apre li te sibi yon arè kadyorèspiratwa nan sant detansyon Haina. Otorite yo fè konnen se nan La Vega inite kontwòl Direksyon Jeneral Imigrasyon (DGM) te arete li, anvan yo transfere l nan sant lan pou pran swen ka a te nesesite.
Dèfen an, ki rele Gedilia Lonzandieu, te gen 36 lane. Dapre rapò ofisyèl yo, li te kòmanse plenyen paske li te santi l pa byen depi nan moman li te rive nan sant lan. Ajan ki te akonpaye l nan klinik medikal la, kote yo te evalye l, sèlman ba l kèk konsèy, epi remèt li bay otorite imigrasyon yo pou li ka resevwa manje ak dlo.
Kèk minit apre, Lonzandieu te prezante kriz ak sentòm enkyetan tankou po kò l ki chanje koulè, li te kòmanse swe epi prezante siy dezidratasyon. Yon ekip medikal ki te genyen ladanl twa doktè ak yon enfimyè te entèvni pou te eseye estabilize l pandan yo t ap prepare transfè li nan Lopital Juan Pablo Pina nan San Cristóbal. Malgre efò yo, ayisyèn lan te rann dènye souf li pandan transpò anbilans la.
Premye rapò doktè yo endike yon arè kadyorespiratwa kòm koz prensipal lanmò a, men ankèt yo ap kontinye pou detèmine sikonstans egzak yo. Lapolis dominikèn, atravè sous-direksyon rejyonal envèstigasyon nan Haina konfime lanmò a dam lan. Otorite jidisyè yo te otorize leve kò a pou otopsi legal, avèk patisipasyon Inivèsite Nasyonal Syans Legal yo (INACIF).
Nan yon nòt piblik, Direksyon Jeneral Imigrasyon (DGM) mete deyò yo eksprime regrè yo pou evènman sa a epi voye senpati bay fanmi viktim nan. Enstitisyon an te souliye tou volonte yo gen pou kolabore ak tout otorite konpetan yo nan ka ankèt sa ki louvri sou dosye sa a.



