
Daprè sa radyo «Métropole» fè konnen, apati premye oktòb 2025, ayisyen ap gen dwa vwayaje, enstale yo epi travay san yo bezwen viza nan kat (4) peyi manb CARICOM yo: Barbade, Belize, Dominique ak Saint-Vincent-et-les-Grenadines. Desizyon sa make yon gwo pa nan demach pou yon pi bon entegrasyon rejyonal ak mobilite lib nan espas karayib la.
Inisyativ sa rantre nan kad politik «libre circulation» CARICOM nan, ki vize pou fasilite deplasman sitwayen nan peyi manb yo san okenn baryè administrativ. Pou anpil obsèvatè, se yon chans pou Ayiti ranfòse pozisyon l nan fanmi karayib la, malgre defi politik, ekonomik ak sekirite peyi a ap konfwonte.
Pou anpil Ayisyen, nouvèl sa ouvè pòt pou nouvo opòtinite ekonomik ak sosyal. Travay, edikasyon, ak komès kapab vin pi fasil, sitou pou jèn pwofesyonèl ak moun k ap chèche pi bon lavi. Yon lòt bò, gen enkyetid sou kapasite Leta Ayisyen pou akonpaye sitwayen yo nan pwosesis sa, espesyalman nan sa ki konsènen pwoteksyon legal ak fè respekte dwa travayè yo nan peyi kote yo pral vwayaje yo.
Nan kad chanjman sa yo, gouvènman Ayisyen ak sektè prive a ka jwenn plis avantaj pou devlope echanj komèsyal ak kiltirèl ak lòt vwazen yo nan karayib la. Sa kapab kontribye nan repozisyònman imaj Ayiti kòm yon manb aktif nan òganizasyon an, olye pou l ta toujou rete yon manb sou papye sèlman.
An rezime, libète pou Ayisyen vwayaje san viza nan kat (4) peyi CARICOM sa yo se yon bon siy nan ranfòsman solidarite nan karayib la. Se yon premye etap ki ka louvri chemen pou yon entegasyon pi solid, pandan li ka bay Ayiti chans pou rèspire yon soupi soulajman nan zafè mobilite rejyonal la.



