
Sèvis ransèyman Depatman Sekirite Entèn Etazini (DHS) anonse yo rive sezi plis pase 23,000 zam ansanm ak yon kantite dwòg ki t ap direksyon Ayiti. Selon otorite ameriken yo, machandiz ilegal sa yo gen yon valè ki depase yon (1) milyon dola . Operasyon sa a antre nan kad jefò kontinyèl Etazini ap mennen pou ralanti rezo kriminèl k ap founi Ayiti yon latriye materyèl pou detwi sante ak lavi moun.
DHS fè konnen trafik zam ak dwòg la se youn nan pi gwo menas pou estabilite a an Ayiti, kote ensekirite kontinye taye banda nan plizyè vil, sitou nan Pòtoprens. Daprè responsab yo, si yo pa mete limit nan trafik sa, sitiyasyon an ka vin pi grav pou popilasyon ayisyèn nan ki deja ap viv nan yon klima vyolans ak lamizè.
Nan kad kolaborasyon ant de peyi yo, Etazini fè konnen li renouvle angajman li pou kontinye travay ak gouvènman ayisyen pou amelyore dosye ensekirite a. Daprè mesaj otorite amerikèn yo, sekirite Ayiti se yon eleman kle pou sekirite rejyonal la e li enpòtan tou pou enterè Etazini.



