ACTUALITESPOLITIQUE

Komisyon Nasyonal Mache Piblik yo voye jete demand otorizasyon MTPCT a sou plizyè pwojè pami yo plas Wanament lan.

Komis­yon Nasyonal Mache Piblik yo (CNMP) enfòme Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), Mesye Raphaël Hosty, li pa kapab akòde otorizasyon pou pase twa kontra travay  nan depatman Nòdès san pa gen yon apèl dòf ki lanse pou pèmèt gen konkirans. Repons sa a vini apre yon lèt MTPTC te voye bay CNMP dat 8 Oktòb 2025 (ref: 0009011) pou mande yon men leve nan pase kontra yo nan antant dirèk pou 3 pwojè pou yon montan total se 291 138 527.03 goud.

Men lis pwojè MTPTC te soumèt yo:


1- Konstriksyon 1 500 mèt liy wout an beton idwolik nan Sainte-Suzanne k ap koute 103 944 228.65 HTG)


2-Entèvansyon sou plizyè tronson wout: (Sainte-Suzanne / Grande-Rivière : 11 km, Sainte-Suzanne / Limonade : 13 km,Trou-du-Nord / Sainte-Suzanne
Pou yon montan 83 835 624.50 HTG).

3- Esekisyon travay ki rete yo nan reabilitasyon Plas Piblik Wanament lan pou yon montan  98 308 673.88 HTG.

Nan korespondans sa CNMP, (Ref: CNMP/DC/Ss/10-2025/00062), raple MTPTC dispozisyon atik «34.1 nan lwa 10 jen 2009» la ki regle zafè mache piblik yo. Minis la te envoke ijans pou jistifye metòd antant dirèk la sa yo rele nan lang franse a (contrat gré à gré). Men CNMP a fè konnen pou pale de fòs majè oswa ijans fòk gen prèv ak evidans men li pa ka sèvi pou kouvri reta administratif oswa evite konpetisyon ak konkirans ki se meyè fason ki ka pèmèt Leta a jwenn pi bon kalite sèvis nan bon jan transparans.

Dokiman nan presize li rekonèt entèvansyon yo enpòtan pou sekirite ak kontinwite rezo woutye yo, men konpleksite ak ijans travay yo montre klè nan nivo sa pou dwe gen apèl dòf». CNMP di bezwen lan pou fè travay yo vit pa sifi pou retire kondisyon transparans ak konpetisyon lalwa mande.

Anplis, CNMP raple atik 34.2 nan menm lwa a ki di yon otorite pa ka envoke ijans pou chape anba obligasyon konpetisyon. Komisyon an fè konnen li pa ka bay otorizasyon pou kontoune lalwa sou baz sa. Sa vle di MTPTC dwe respekte pwosedi apèl dòf antrepriz piblik yo.

Komisyon an sijere MTPTC lanse yon pwosesis apèl dòf san pèdi tan pandan li egzije pou ministè a soumèt li yon dosye apèl dòf (DAO) pou validasyon CNMP. Yo di tou ministè a ka mande pou gen rediksyon nan delè depo pwopozisyon yo si sa nesesè pou avanse pi vit. CNMP mete aksan sou prensip ekite, transparans ak konpetisyon nan depans fon leta.

Yon lòt pwen enpòtan, CNMP mande pou pwojè yo antre nan Plan Anyèl de Passation des Marchés Publics (PAPMP) 2025-2026 epi otorite kontraktan an dwe voye plan an bay CNMP pou validasyon ak piblikasyon. San etap sa a, pwosesis la p ap ka reglemante.

Nan konklizyon lèt la, Dahlberg CLAUDE, ki se kowòdonatè a.i. nan CNMP, renouvle respè enstitisyon an pou Minis Hosty epi fè konnen CNMP pare pou akonpaye MTPTC nan pwosesis legal sa yo. CNMP reyitere angajman li pou asire bon gouvènans nan jesyon projè Leta yo, èspesyalman nan sektè wout ak amenajman teritoryal kote anpil nòm abitrab pa t rèspèkte nan tan pase yo.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button