ACTUALITESPOLITIQUE

KEP remèt pwojè dekrè ak kalandriye elektoral la bay ekzekitif la nan mitan gwo kè kase sekirite ensekirite a.

Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) anonse li soumèt bay pouvwa egzekitif la, vandredi 14 novanm 2025, pwojè dekrè elektoral la ansanm ak kalandriye pou pwochèn eleksyon yo. Nan yon nòt pou laprès, enstitisyon an fè konnen demach sa a fèt an prezans reprezantan Leta ak manm sosyete sivil la, epi li make yon etap enpòtan nan preparasyon pou retou pwosesis demokratik la.

Dapre nòt ofisyèl KEP a, remèt dokiman yo se sèlman premye etap la, paske aplikasyon kalandriye elektoral la depann de plizyè kondisyon esansyèl. Pami yo, gen piblikasyon dekrè elektoral la , kreye yon klima sekirite akseptab nan peyi a, ak garanti finansman nesesè pou mennen tout pwosesis elektoral la. KEP souliye tou nesesite pou ekzekitif kontinye ak aksyon yo te deja inisye pou asire yon eleksyon enklizif, transparan ak endepandan.

Antretan, enfòmasyon ki disponib yo montre ke pandan rankont ofisyèl sa ki te fèt nan «Villa d’Accueil», konsèy elektoral la te remèt twa dokiman bay Konsèy Prezidansyèl Transisyon an (KPT) a ak Premye minis la. Lis dokiman sa yo se : pwojè dekrè elektoral la, kalandriye eleksyon yo, epi yon dosye ki dwe mande pou tout pati yo reyini pou òganize eleksyon yo nan bon jan kondisyon.

Toujou selon sous nou ka fè konfyans, KEP a swete premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo dewoule 30 out 2026, epi dezyèm tou a fèt 6 desanm 2026. Men, konsèy elektoral la fè byen klè ke dat sa yo depann estriktirèlman de amelyorasyon sekirite nan peyi a. Yo mande otorite tranzisyon yo pou travay san kanpe pou sikilasyon reprann sou wout nasyonal yo nan lide pou pèmèt moun deplase yo retounen nan lakay yo san presans gang ame.

Daprè evalyasyon entèn KEP a, plizyè depatman,  eksepte Depatman Lwès la, kèk zòn nan Latibonit ak Plato Santral deja pare pou eleksyon. Sepandan, sitiyasyon sekirite a rete yon gwo defi, sitou nan kèk zòn kote presans gwoup ame yo kontinye anpeche libète sikilasyon ak aktivite nòmal yo.

Nan men nòt sa, KEP renouvle angajman li pou kondui yon pwosesis elektoral solid, onèt san patipri, malgre difikilte aktyèl yo. Enstitisyon an envite tout aktè yo nan pouvwa piblik la, patnè entènasyonal, pati politik ak sosyete sivil mete men ansanm pou garanti reyalizasyon eleksyon ki ka ede retabli estabilite ak lòd nan peyi a.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button