ACTUALITESINTERNATIONAL

ICE fè yon sitwayen ameriken soti nan lari an kalson san yo pa t bal chans idantifye l

Yon nouvo istwa chòkan vin souke konsyans piblik la nan peyi Etazini aprè ajan ICE (Immigration and Customs Enforcement) kraze pòt kay yon granmoun aje, menase fanmi li ak zam, epi trennen l deyò an sou vètman nan yon tanperati 9 degre. Zak sa a, ki fèt san okenn verifikasyon serye tounen yon erè grav lè otorite yo dekouvri granmoun lan, Saly, se yon sitwayen ameriken natiralize e ki pa gen okenn dosye kriminèl.

Yon fotograf kite temwen kaptire sèn kote ajan ICE yo tap fòse Saly soti deyò lakay li nan fredi a, san yo pa menm pran tan idantifye l. Imaj yo montre yon arestasyon ki sanble plis ak yon zak entimidasyon ak yon operasyon lapolis ki pa respekte lalwa ak diyite moun.

Dapre temwayaj yon bòfrè mesye Saly , ki pataje istwa a sou paj Facebook «Hmong American Experience», ajan ICE yo te kraze pòt apatman an, andomaje kay la, pase menòt nan men Saly, epi mete yon zam nan tèt bèlfi li. Yo pa t kite viktim nan mete rad ki apwopriye sou li, epi yo te fòse l mache deyò nan yon fredi ekstrèm, san okenn konsiderasyon pou laj li ak sekirite l.

Malgre Saly se yon sitwayen ameriken natiralize e li pa gen okenn kazye kriminèl, ajan yo te kondui l pandan prèske inèdtan, kesyone l, pran anprent dwèt li, anvan yo finalman reyalize yo pa t gen okenn rezon legal pou arete l. Yo depoze l tounen lakay li kòm si anyen pa t rive. Fanmi an kwè ajan yo t ap chèche yon ansyen lokatè, men olye yo mande idantifikasyon, yo te chwazi itilize vyolans, imilyasyon ak laperèz.

Istwa sa a se pa yon ka izole. Se prèske chak jou, nouvo temwayaj ap parèt sou zak entimidasyon ak britalite ki vyole dwa fondamantal moun. Yon sèl ka konsa ta dwe sifi pou louvri gwo ankèt sou pratik ICE yo, men zak sa yo kontinye repete pandan sitwayen yo ap sibi arestasyon abitrè ak zak laperèz san rezon. Konbyen tan ankò sosyete a ap tolere sitiyasyon sa a anvan responsab yo pran desizyon pou mete yon fen nan modèl abi sa yo?

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button