ACTUALITESINTERNATIONAL

Plis pase 115,000 ayisyen san papye kite Repiblik Dominikèn volontèman pandan 8 mwa ki sot pase

Daprè Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) Repiblik Dominikèn, plis pase 115,000 ayisyen ki te nan sitiyasyon iregilye te kite peyi a pou kont yo, ant janvye ak out 2025. DGM deklare depa sa yo fèt nan kad mezi legal kont imigran san papye, epi yo se rezilta dirèk aksyon Gouvènman dominiken an te pran pou ranfòse kontwòl sou fwontyè ak imigrasyon.

DGM mete aksan sou lefèt ke malgre mezi ki pran yo, dwa fondamantal imigran yo te toujou respekte, kit se dwa moun, dwa pou reyinifikasyon fanmi, ak aksè a sèvis debaz pandan pwosesis retou a. Yo presize tou ke depa yo te fèt nan sekirite epi san presyon, dapre otorite yo.

Chif ofisyèl yo montre yon ogmantasyon pwogresiv chak mwa: 14,749 ayisyen te retounen an janvye, 9,643 an fevriye, 12,322 an mas, 12,245 an avril, 13,047 an me, 15,017 an jen, 17,852 an jiyè, ak 20,586 an Dawout. Sa mete total la a 115,461 ayisyen ki te kite peyi a volontèman, selon DGM.

Dapre deklarasyon ofisyèl la, tout retou sa yo fèt dapre prensip imanitè epi yo konsidere sa kòm yon kontribisyon nan batay kont trafik moun, sekirite entèn, ak estabilite sosyal nan Repiblik Dominikèn. DGM raple ke asistans yo bay pou retou volontè yo pa anpeche mezi kontwòl legal ki kontinye fèt sou teritwa dominiken an, an akò ak lwa 285-04 la.

Enstitisyon an mete an aplikasyon deklarasyon Prezidan Luis Abinader te fè ki te ankouraje Ayisyen san papye yo pou yo kite peyi a, epi li reyitere angajman l pou kontinye egzekite politik migrasyon gouvènman an avèk rigè. Li pwofite souliye tout aksyon sa yo ap fèt selon direktiv Konsèy Defans ak Sekirite Nasyonal la.

Pandan kantite ayisyen ki ap kite volontèman ap ogmante, anpil aktè nan sosyete sivil la an Ayiti ak nan kominote entènasyonal la pa sispann eksprime enkyetid sou move kondisyon lavi nan ki gen nan peyi Dayiti pou li ta resevwa plizyè dizèn milye moun sa yo, san okenn plan relokalizasyon reyèl.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button