
Yon jèn fanm ayisyèn 22 an, ki idantifye kòm Angelina, pèdi lavi li sou plas aprè li te resevwa plizyè kou kouto, nan yon sèn vyolans ki pase nan katye San Luis, nan minisipalite Santo Domingo. Ensidan trajik sa a mete kominote a sou chòk, pandan lapolis ap kontinye chèche sispèk la ki toujou an libète
Daprè deklarasyon Jackson Mercedes, ki se prezidan komisyon minisipal dwa Moun Santo Domingo Este, moun yo sispèk kòm otè krim lan se Henry Rafael Torres Rosario, yon sitwayen dominiken 26 an. Mercedes fè konnen malgre zak kriminèl sa, jiskaprezan, otorite yo poko mete men sou li.
Viktim nan te sibi plizyè blesi ak kouto sa ki ta pral lakòz lanmò li sou plas. Lòt enfòmasyon ki soti bò kote otorite dominikèn yo pa gen okenn manm nan fanmi viktim lan ki te prezante tèt yo pou revandike kadav la, ni pote dokiman pou pémèt yo idantifye l. Sitiyasyon sa a mete otorite yo nan plis difikilte pou avanse ankèt la.
Responsab dwa moun lan lanse apèl bay otorite yo pou akselere rechèch kont agresè a epi mete plis mezi an plas pou pwoteje fanm migran ki souvan viktim vyolans san jistis. Li mande tou kolaborasyon kominote a si yo ta gen nenpòt enfòmasyon itil sou sispèk la.
Lapolis dominikèn deja lanse ankèt la kote kontinye ap chèche enfòmasyon sou ka a. Pandan yo mande popilasyon an pou ede si yo ta gen detay sou mouvman oswa kote Henry Rafael Torres Rosario ta kache. Rèsponsab yo fè konnen yo p ap kanpe rechèch ak ankèt yo jiskaske Angelina jwenn jistis.



