
Inyon Ewopeyèn anonse nouvo lòt gwo sanksyon kont twa ansyen gwo diyitè leta nan peyi Dayiti, nan kad lit entènasyonal kont finansman gang ak ensekirite k ap ravaje peyi a. Daprè yon kominike ofisyèl, ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, ansyen senatè Youri Latortue ak Rony Célestin tonbe anba mezi restriktif Inyon Ewopeyen an, pou akizasyon ki gen rapò oubyen pote sipò dirèk ak endirèk yo ta bay gwoup ame.
Selon Inyon Ewopeyèn, Michel Martelly ak Youri Latortue ta jwe wòl kle nan ame ak finanse plizyè gang, pa sèlman pou rezon sekirite, men sitou pou defann enterè politik, pèsonèl ak ekonomik. Pratik sa yo ta kontribye dirèkteman nan destabilizasyon peyi a, espesyalman nan zòn estratejik kote gang sa yo vin ranplase otorite leta.
Nan menm desizyon sa, Inyon Ewopeyèn pwofite sanksyone gang «5 Segond», Johnson André, alyas Izo ap dirije. Gwoup sa a akize kòm youn nan gang ame ki pi vyolan nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ki gen men yo tranpe nan asasina, kidnaping ak zak laterè sou popilasyon sivil la.
Pou sa ki konsène ansyen senatè Rony Célestin, Inyon Ewopeyèn akize l kòm yon aktè santral nan vyolans ki gen lyezon ak yon rezo gang ak kontrebann. Pi grav toujou, li akize kòm moun ki ta patisipe nan planifikasyon asasina jounalis Néhémie Joseph, ki t ap mennen ankèt sou aktivite ilegal sa yo. Yon dosye ki ranfòse enkyetid kominote entènasyonal la sou danje laprès ap fè fas nan Ayiti.
Sanksyon Inyon Ewopeyèn yo pa premye mezi entènasyonal kont endividi sa yo. Anvan sa, Etazini ak Kanada te deja pran sanksyon kont Michel Martelly, Youri Latortue ak Rony Célestin, tankou jele ak sezi byen yo, entèdiksyon vwayaj ak izolasyon diplomatik. Mezi sa yo te pran sou baz menm kategori akizasyon koripsyon tankou: trafik enfliyans, ak kolaborasyon ak gang ame.
Sou plan politik, twa mesye sa yo te jwe wòl enpòtan nan pouvwa politik la an Ayiti pandan plizyè ane. Michel Martelly te prezidan Repiblik , pandan Youry Latortue ak Rony Célestin te pami figi dominan nan Sena a, e yo te gwo enfliyans sou desizyon leta yo. Jodi a, sanksyon sa yo vini kòm yon siyal fò ke kominote entènasyonal la konsidere ensekirite Ayiti a pa sèlman kòm yon pwoblèm gang, men kòm rezilta dirèk alyans ant pouvwa politik ak krim òganize.



