
Nan yon lèt li adrese bay Delege Depatmantal Nòdès la, Dionel Germain, Direktè Depatmantal Komès, Lesly THEOGÈNE lanse yon apèl ijan pou mande ouvèti epi bon fonksyònman mache Fwontalye Wanament la, ki, daprè yo, vin tounen yon dosye ki menase dwa ekonomik ak diyite anpil sitwayen ayisyen.
Nan lèt sa, Direktè Depatmantal Komès la Lesly THEOGÈNE mete aksan sou jan Mache Fwontalye Dajabón lan (sou bò dominiken an) ap fonksyone depi plizyè mwa yon manyè inilateral, kote otorite dominiken yo pa respekte okenn prensip ekite ak komèsan ayisyen yo, ki reprezante prèske 80 % itilizatè mache sa a. Pratik sa yo, ki souvan pote prejidis ak diskriminasyon konn lakoz yon klima tansyon epi kreye fristrasyon ak endiyasyon bò kote machann ayisyen yo.
Dokiman sa ki soulve nesesite pou Leta ayisyen reprann souverènte ekonomik li, nan pran bon jan mezi solid pou asire ouvèti regilyè epi fonksyònman efikas Mache Fwontalye Wanament lan anba kontwòl otorite ayisyèn yo, jan lalwa egzije sa. Direktè THEOGÈNE fè konnen yon aksyon konsa t ap ede non sèlman nan relansman aktivite komèsyal yo, men l ap ranfòse tou konfyans popilasyon an nan enstitisyon yo.
Direksyon Komès lan raple ke se devwa Leta ayisyen pou ofri sitwayen l yo yon espas komèsyal ki jis, òganize e fonksyonèl. Yo mande Delege a pou l entèvni rapidman bò kote enstans konsène yo pou mache a ouvri nan bon jan kondisyon sekirite, òganizasyon, ak bon jan jesyon.
N ap souliye lèt sa a mete aksan tou sou enpòtans ki genyen nan balanse ekilib relasyon komèsyal yo sou fwontyè a, epi mete fen nan yon echanj inegalitè ki peze sou ekonomi lokal la depi plizyè plizyè mwa. Responsab yo Direksyon Komès Nòdès la ap tann yon repons favorab bò kote otorite depatmantal yo nan yon tan ki pa twò long.
