
Prezidan dominiken an, Luis Abinader, te pwofite remèsye epi felisite lidè pati politik yo pou patisipasyon yo nan dènye dyalòg wo nivo ki te òganize sou kriz multidimansyonèl k ap brase Ayiti a. Rankont sa a, ki te fèt anba inisyativ branch egzekitif la, make yon etap enpòtan nan efò pou mete tout fòs viv nan sosyete dominikèn lan devan yon sitiyasyon ki gen gwo enpak rejyonal.
Nan entèvansyon li, prezidan Abinader te mete aksan sou enpòtans dokiman final konsèy ekonomik ak sosyal la ki soti nan diskisyon sa yo. Li te dekri inisyativ sa kòm yon evènman memorab ak san parèy, paske li reflete kapasite klas politik la pou mete enterè nasyonal yo anvan divizyon ideyolojik yo. Selon prezidan an, sa se yon siy klè ke demokrasi dominikèn an ap kontinye ranfòse gras ak matirite politik lidè yo pou demontre inite nan mitan yo nan moman difisil sa yo.
Prezidan an te ensiste sou kapasite negosyasyon ak ouvèti lespri divès sektè yo te montre pandan pwosesis dyalòg la. Li fè konnen efò sa a pèmèt yo plis antann yo sou kèk kritè nan fason pou yo abòde kriz ayisyèn nan, pandan y ap chèche pi bon mekanis pou pwoteje enterè peyi a (RD) kont tout konsekans negativ posib sitiyasyon kriz peyi Dayiti a.
Nan deklarasyon li yo, prezidan Abinader te souliye tou inifikasyon politik ak sosyal la vin tounen yon nesesite ijan pou adrese anpil defi ki sòti nan sitiyasyon kriz Ayiti a. Daprè li, sèlman atravè yon konsansis solid ant fòs politik ak enstitisyon yo, Repiblik Dominikèn ap kapab fè fas ak presyon migratwa, ensekirite ak konsekans ekonomik ki kapab sòti nan kriz sa a.
Pandan aparisyon regilye li nan konferans laprès «La Semanal», chèf leta dominiken an te tou pwofite anonse li pral mete dosye sa a sou tab asanble jeneral Nasyonzini ki pwal fèt nan jou k ap vini la yo. Li prevwa pou l lanse yon apèl dirèk bay kominote entènasyonal la pou pa abandone Ayiti, paske solisyon dirab la kriz sa depase kapasite yon sèl peyi pou jere.
Avèk deklarasyon sa yo, Prezidan Abinader ap chèche konfime lidèchip li pou itilize tout apwòch diplomatik ak politik ki ka ede estabilize sitiyasyon Ayiti a, pandan li ankouraje yon inite nasyonal nan pwòp peyi li pou yo pi byen prepare yo kont tout enpak ki kapab sòti nan kriz Ayiti a.



