ACTUALITESCOMMERCIALINTERNATIONAL

Gwo Chita pale fèt ant otorite ayisyèn ak dominikèn sou nouvo règ sikilasyon motosiklèt twa wou yo nan Dajabòn

Nan Dajabón, otorite dominikèn yo ansanm ak reprezantan ayisyèn yo fè yon gwo chita pale sou nouvo règ k pral mete an plas pou kontwole fason motosiklèt twa wou ki Ayiti ap travèse fwontyè a. Rankont la, ki te òganize nan Montalvo Center vize plis kontwòl sou antre motosiklèt k ap pote machandiz nan zòn nan, san bloke komès ant de pèp yo. Otorite dominikèn yo fè konnen yo pran mezi sa yo pou garanti lòd ak sekirite nan fwontyè lakay yo pandan yo bay yon sèten aksè pou moun ki respekte kondisyon yo ka kontinye fè tranzaksyon yo san pwoblèm.

Majistra Dajabón, Santiago Riverón, te kite klè pou li di se gouvènman dominiken an ki ap mennen pwosesis la. Li fè konprann ke Ayisyen ki vle antre ak motosiklèt twa wou yo dwe konfòme yo ak lwa peyi a. Daprè sa li di se depi nan mwa janvye li te deja mande pou chak motosiklèt gen papye legal, asirans, epi pèmi kondwi pou chofè yo. Anplis, antre a ap fèt pa gwoup, pou evite dezòd ak twòp anbouteyaj nan antre fwontyè a. Li presize gen yon espas espesyal ki pral sou sivèyans se la motosiklèt yo pral gen dwa sikile lib san restriksyon.

Yon lòt bò rèsponsab dominiken yo fè konnen pral gen sanksyon kont tout chofè ki pa respekte limit yo. Motosiklèt ki antre nan zòn ki pa otorize yo, espesyalman deyò perimèt ki etabli pral sibi arestasyon epi peye amann. Desizyon sa yo vize òganize bon fonksyònman fwontyè a san mete obstak pou travayè ayisyen ki depann de komès transfontalyè a pou viv yo.

Prezidan federasyon machann mache fwontalyè a, Freddy Morillo, te mete aksan sou nesesite aplikasyon règleman sa yo pral gen nan pwoteje lòd piblik ak fasilite relasyon komès ant 2 peyi yo. Si pou yon motosiklèt twa wou ayisyen vle antre nan sant vil Dajabòn lap bezwen yon pèmi espesyal ak yon mak distenktif mèri a ap bay li, tankou yon kòd koulè ble oswa wouj. Morillo ensisten pou li di se yon mezi sekirite ak òganizasyon, men se pa yon zak diskriminasyon, epi li kwè nouvo dispozisyon sa yo ap amelyore mobilite ak biznis sou fwontyè a san kraze relasyon komèsyal ki egziste ant tou de popilasyon yo.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button