
Atak militè Etazini yo kont Venezyela a pwovoke yon gwo vag reyaksyon atravè mond lan, kote plizyè peyi ak òganizasyon entènasyonal pran pozisyon klè sou aksyon Washington lan. Pandan gen kèk dirijan denonse operasyon an kòm yon vyolasyon grav souverenite yon Leta, men gen lòt ki salye l kòm yon aksyon politik ak militè ki, dapre yo, vize defann libète.
Nan nivo Nasyonzini, sekretè jeneral ONU a, Antonio Guterres, eksprime gwo enkyetid li sou operasyon militè Etazini yo. Li dekri aksyon an kòm yon «presedan danjere» epi li lanse yon apèl bay tout aktè politik nan Venezyela pou angaje yo nan yon dyalòg enklizif, nan respè dwa moun ak prensip eta de dwa. Chèf ONU an ensiste sou nesesite pou solisyon kriz la rete politik men pa militè.
Larisi, ki se yon alye estratejik gouvènman venezyelyen an, reyaji avèk anpil fèmte. Moskou egzije liberasyon imedya Prezidan Nicolás Maduro ak madanm li, apre Washington anonse kaptire koup la. Otorite ris yo kondane sa yo konsidere kòm yon zak ilegal ki menase estabilite rejyonal ak lòd entènasyonal la.
La Frans tou pran pozisyon kont operasyon ameriken an. Paris kondane kaptire Nicolás Maduro a, li estime entèvansyon an pa respekte lwa entènasyonal. Selon gouvènman fransè a, pa gen okenn solisyon politik dirab pou Venezyela ki kapab enpoze depi deyò peyi a, san konsantman pèp venezyelyen an.
Okontrè, pèp Izrayèl la salye operasyon Etazini yo. Otorite izrayelyen yo felisite aksyon an, yo prezante l kòm yon desizyon Prezidan Donald Trump pran antanke lidè mond lib lan. Pozisyon sa a montre klèman divizyon ki egziste sou sèn entènasyonal la sou kestyon Venezyela a.
Nan Amerik Latin nan, reyaksyon yo rete kontradiktwa. Prezidan Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva, kondane sa li rele yon atak grav sou souverenite Venezyela. Meksik, bò kote pa li, denonse bonbadman Etazini yo, li mete aksan sou karaktè inilateral operasyon militè a. Ajantin, sepandan, pran yon direksyon opoze : Prezidan Javier Milei, ki pwòch Donald Trump, salye frap ameriken yo avèk anpil antouzyas, li deklare libète ap avanse.
Finalman, Prezidan Ekwatè a, Daniel Noboa, li menm tou li eksprime satisfaksyon li apre sa li rele chit Nicolás Maduro. Sou rezo sosyal X, li lanse yon mesaj dirèk bay Venezyelyen yo, li di yo lè a rive pou yo reprann peyi yo.
Ansanm reyaksyon sa yo montre kijan atak lame ameriken an sou Venezyela pa sèlman louvri yon kriz militè, men li agrave tou divizyon diplomatik ak politik sou sèn entènasyonal la. Pandan kominote mondyal la ap chèche yon pozisyon komen, avni Venezyela a sanble pi ensèten pase janm anvan.



